Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun

36e Edition de koze timoun-lundi 4 Septembre 2023

Chè lektè ,mwen kontan pou m pote pou nou 36e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

‘’ ‘REZILTA YO TONBE’’.Se sijè sa nap devlope jodi a.

Zanmi lektè,sa fè preske 2 mwa depi kandida yo fi n konpoze nan ekzamen 9e AF yo ki te dewoule sou tout tèritwa nasyonal la soti 17 pou rive 17 Jilè 2023 pase a,paran ak elèv yo ki tap tan n pou konnen nan ki lekól pou yo enskri pou komanse etid segondè yo,finalman ka pran desizyon sa paske rezilta yo tonbe.

Men rezilta ekzamen 9e AF pou ane akademik 2022-2023 a pou chak depatman,soti nan sa ki bay pi piti a rive nan ki bay plis TIMOUN ki reyisi avek pousantag yo :

1-Depatman Nip te genyen 7115 kandida ki te patisipe nan ekzamen yo,genyen 5129 ki reyisi avek 72 % de reyisit.

2-Depatamn sant te genyen 13105,genyen 10002 ki reyisi avek 76 % de reyisit.

3-depataman Sidès te genyen 9142,genyen 7322 ki reyisi avek yon pousantag de 80 %

4-Lwès,78176,genyen 64850 ki reyisi avek yon pousatag de 83 %

5-Sid ,sou 12256,genyen 10469 ki bon ,pousantag la se85 %

6-Latibonit,sou 21861 genyen 18929 ki reyisi avek yon pousantag de 87 %

7-Nódwès te voye 10669,genyen 9241 ki monte nan klas siperyè avek 87 %

8-Nódès te voye 7504,genyen 6499 ki monte nan klas siperyè avek 87 %

9-Nó te bay 18849,genyen 17399 ki reyisi avek yon pousantag de 92 %

10- Depatamn Grandans te genyen 6493,genyen 6169 ki reyisi avek 95 % de reyisit.

Map presize ke depatman ki bay pi piti a se Nip epi pi fó a se Grandans,men gen 3 depat man ki geneyen men m pousantag:Latibonit,Nó ak Nódwèss (87 %.

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.