Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217         NATCASH: 4273-4760            ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

 

Gonayv,le 6 Me 2024

19e Edition de koze KOZE TIMOUN

          Zanmi lektè mwen yo,bonjou/bonswa e byenvini nan  19e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’LA FETE DU 1ER MAI,ENTRE L’HYPOCRISIE ET LA REALITE POUR LES ENFANTS’’.se sijè sa nap devlope Jodi a.

Anvan men m mwen antre nan sijè a,men koman 5e joune a,ki te mete fas a fas  l’Eglise Plenitude de Marottes ak  L’Eglise Ev.de la Nouvelle Creation  nan KOUKOU BIBLIK la te pase Samedi ki te 4 me 2024 la .Match sa te fini sou yon eskò (Score) de 145,5 /55 an favè de legliz Plenitude.

Nan 6e joune a kap dewoule Dimanch 12 Mai 2024 ,se  l’Eglise EMEVI ki pra  l resevwa  L’Eglise Ev.Mahalaleel  .Nan istwa ‘’KOUKOU BIBLIK ‘’sa,se premyè fwa 2 ekip sa yo ap rankontre.Koman sa ap ye ?Map kenbe ou enfòme.

An nou retounen nan sijè nou an pou jodi a ki ‘’’LA FETE DU 1er MAI,ENTRE L’HYPOCRISIE ET LA REALITE POUR LES ENFANTS’’.Fèt 1e Me a komanse fete ofisyèlman e konstitisyonèlman nan peyi Dayiti sou Prezidan Estime ,daprè konstitisyon, atik 139 la.Lontan,fèt 1e me a a se te yon reyalite pou TIMOUN yo.Depi lakay yo jis rive nan lakou lekòl la,TIMOUN yo tap viv reyalite a sitou nan kontèks ‘’ HAITI EST UN PAYS ESSANTIELLEMENT AGRICOLE’.Nan lakou lekòl la se te :kenèp,zoranj,mango,zaboka,ti filo,roroli,plake,pou m site sa yo selman.Men jounen jodi a,menm si ou ta jwen n kek fwi,menm nan lakou lekòl la/nan mimi bar lekòl la se towo,atomik,chiko,kwiz poul,pou m site sa yo selman.Si ta gen mouvman pou plante kek ti pyebwa,pap gen swivi e nou la pou lòt ane.Quelle hypocrisie ?

Men m Leta nou an ki bay jou 1e Mai kom fèt ‘’AGRIKILTI AK TRAVAY’’,men m Leta sa ap fè pwomosyon pou diri mega,diri tchako elatriye.Quelle hypocrisie ?Nan sans sa,OECH ap mande :fèt premye Me a,eske li se yon reyalite oubyen yon ipokrizi ?Ki sa pou TIMOUN yo pran ?

A swiv

          Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH