Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 03/08/2026

31e Edition de koze KOZE TIMOUN

‘’ TIMOUN YO PA MERITE SA’’

           Zanmi lektè,chè paran,sa se yon prensip : tout sa ki konsène TIMOUN ,konsène OECH/DWA TIMOUN nan pi wo nivo.Jodi a,OECH/DWA TIMOUN leve vwa li pou kondane zak malsen TIMOUN yo a sibi epi mande otorite yo,sitou otorite edikatv yo ,prese prese pran bon ja mezi kont salte sa pou pita pa pa pi tris.

Gen yon videyo ki vi n viral sou rezo yo,kote yon seremoni de gradyasyon pou TIMOUN preskolè nan Institution Mixte de Fond Parisien transfòme an yon veritab  bal chaken /chakin kote yap aprann TIMOUN yo  ,sa nou rele an gwo Kreyòl GOUYE (brase senti).Eske TIMOUN yo merite sa mezanmi ?Mwen te wè yon paran ,pandan peryòd rara mete yon TIMOUN 3 zan kanpe devan televizyon lap montre TIMOUN nan kòmman pou l GOUYE.

Mwen pap antre nan deba relijyon oubyen fè apoloji  lafwa kretyèn,paske mwen gen twòp kote pou m pale de fwa kretyèn,men mwen jis ap defann dwa TIMOUN yo,paske nan domèn jiridik ak  penal, ‘’l’enfant ne peut pas donner un consentement valide’’ (TIMOUN pa gen konsantman).

Men nan tout sa kote paran yo ?Mwen ka dakò lè paran mennen TIMOUN nan nan repetisyon yo pran TIMOUN nan na men paran an nan pòtay la,paran an pa konnen ki sa kap pase nan seans repetisyon yo.Men nan jou gradyasyon an pou w gade kò m  paran  se sa yo aprann TIMOUN 3,4,5,6 zan ou lan,pou m wè tout paran se dan yo ya griyen,yo pa montre w kote yon paran pase pran pitit pa l la pou ale avèk li.Nou sadik,nou malonèt kòm paran,OECH/DWA TIMOUN ap di  non,TIMOUN yo pa merite sa.Mwen chita sou 7 prencipes des droits de l’.enfant,convention Internationale des droits de l’enfant adoptee ar l’ONU le 20 Novembre 1989,6e prensip la ki se ‘’droit a la protection de la vie privee de l’enfant’’.

Chè paran,Evek Abcèste DACEUS kòm defansè dwa TIMOUN  ap aprann nou sa jodi a :lè yo mande w pou pitit ou patisipe nan nenpòt aktivite lekòl la,ougen dwa mande pou yo ekslike w nan ki sa pitit ou a ap patisipe a,ou gen dwa mande pou w swiv yon seans avek TIMOUN nan,ou gen dwa tou,menmsi TIMOUN nan kòmanse pou w fè l pa kontinye .

Konpatriyòt mwen yo,,al tcheke sou resonsab Institution Mixte de Fond Parisien yo pou nou wè ki moun yo ye.OECH/DWA TIMOUN kòm avangadis, ap atire atansyon nou sou sa :se kapab yon tèst yap fè sou nou,nan jou,mwa,ane kap vini yo yap kòmanse ekzije TIMOUN yo pratik seksyèl nan klas yo.A bon entendeur,salut !

Mèsi !

Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.

Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :

  • Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
  • Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
  • Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
  • Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
  • St Michel :Radio Salem
  • Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
  • Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
  • Enri :Biwo Pwojè HA-718