Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 21/09/2026

38e Edition de KOZE TIMOUN

         Byenvini zanmi lektè nan 37e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .

Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.

‘‘YON ANE LEKÒL AVEK 194 JOU DE KLAS’’, se sijè sa nap devlope jodi a.

Zanmi lektè,Minis edikasyon an,Past.Vijonet DEMERO te déjà anonse rantre lekòl pou ane akademik 2026-2026 la tap fèt 7 Septanb 2026.Premyè semèn nan gen etablisman eskolè ki te déjà ouvè pòt yo,men yo pat resevwa yon grenn elèv,men gen sa ki pat kòmanse ouvè pòt yo menm.2e semèn nan se te preske menm reyalite a.

Men nou antre nan 3e semèn nan,a 98 % tout etablisman eskolè yo ouvè pòt yo,men gen elèv ki poko janm ka mete pye yo lekòl paske jiska prezan paran yo poko prè.Men nan tout ratman sa yo,map presize pou nou ane eskolè genyen ofisyèlman 194 jou de klas,konparativman avèk ane pase a ki te genyen ofisyèlman 186 jou.

Avèk 194 jou de klas,se yon gwo pas nan edikasyon avèk Past.DEMERO.Nan sans sa nou kite anpil peyi dèyè ,tankou Etazini pa ekzanp ki genyen an mwayèn 180 de klas e nou pa twò lwen peyi ki genyen an mwayèn 200 de klas yo .

Generalman 194 jou de klas pou ane akademik 2026-2027 la.TIMOUN preskolè ap genyen 864 h epi elèv 1er ak 2e sik fondamantal yo ap genyen pou pase 920 h nan klas.

194 jou de klas.An reyalite menm Minis la konnen li pap respekte.Diminisyon ap kòmanse fèt nan kesyon fèt patwonal y opa arète kominal,sendika anseyan yo appran yon kantite jou,san konte tibilans politik pasi pala.

Nan sans sa,OECH/DWA TIMOUN ap mande paran yo pa neglije voye TIMOUN yo lekòl pandan yo jwenn chans la paske plis TIMOUN nan rate jou lekòl,se plis li pa nan avantaj e li pa nan avantaj ou tou kòm paran.

 

Mèsi !

Eveque Abcèste DACEUS,President de l’OECH

       Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.

Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :

  • Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
  • Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
  • Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
  • Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
  • St Michel :Radio Salem
  • Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
  • Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
  • Enri :Biwo Pwojè HA-718