Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 28/09/2026

        Zanmi entènot,toujou nan objektif pou reyisit ane akademik 2026-2027 la,OECH/DWA TIMOUN kòm avangadis,pa entèmedyè ‘’KOZE TIMOUN’’ ap konseye anseyan yo aprann fè bòn gesyon klas yo pou yo ka jwenn rezilta.

Avan tou,ki sa nou rele ‘’GESYON KLAS’’ ?Gesyon klas ,se zouti oubyen materyèl yap sèvi nan klas la,woutin yo,relasyon ki devlope ant anseyan ak aprenan yo,atmosfè kap degaje nan klas la,pou m site sa yo sèlman.

Generalman,tout anseyan ta renmen genyen elèv ki kal,prèt pou aprann san difikilte.Men malerezman nan klas tout elèv pa gen menm aptitid,sitiyasyon familyal ak sosyal yo pa menm,yonn plis tibilan pase lòt.Nan ka sa yo,se anseyan an ki pou konnen ki sa lap fè pou l travay.Sa la nou rive a sa nou rele ‘’GESTION DE LA CLASSE’’.

Selon yon etid ki fèt nan ane 2024 ,se Univèsite Warner Pacific ki site li e mwen repete :’’yon gesyon de klas efikas chita sou 3 objektif sa yo’’ :

  1. Gere konpòtman elèv yo ;
  2. Etabli yon kominikasyon ki klè;
  3. Rete nan yon pozisyon ideyal pou reponn ak bezyon elèv yo.

Konsa,espesyalis nan edikasyon yo,nan kesyon estrateji,yo  pale de gesyon pwoaktiv ak gesyon reaktiv.Alò,ki sa ki se gesyon pwoaktiv?

Gesyon pwoaktiv klas la se etabli kondisyon ki pou pèmèt tout bagay mache byen nan klas la anvan menm nou tann se pwoblèm yo ki reve anvan tankou :

  • Antann nou avèk klas la depi premye jou lekòl
  • Mete tout woutin ki pou anpeche nou toujou ap pran desizyon ki ka fatige elèv yo
  • Tout sa ki pou pèmèt elèv yo rete avèk angajman yo
  • Ranfòse tout konpòtman ou ta swete elèv yo genyen
  • Bon jan relasyon ant anseyan ak aprenan an

Se tout sa yo ak anpil lot ki genyen nan gesyon pwoaktiv klas la,semèn pwochèn nou va pale de Gesyon reyaktiv klas la

Mèsi !

Eveque Abcèste DACEUS,President de l’OECH

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.

Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :

  • Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
  • Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
  • Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
  • Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
  • St Michel :Radio Salem
  • Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
  • Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
  • Enri :Biwo Pwojè HA-718