Droits de l'Enfant Information Koze Timoun

                  42e Edition de koze timoun-lundi 16 Octobre 2023

Zanmi lektè ,mwen kontan pou m pote pou nou 41e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’Yon ti bebe kap benyen nan san touprè manman l’’.Se sijè tragik sa nap devlope Jodi a.

Chè lektè,chak jou nou leve ,nou ran n nou kont ke peyi a invivab,sa vle di se pa yon kote moun ka viv,men m ti bebe nan vant manman yo pa epagne,men pliske nou pa genyen lót peyi derechang,nou oblige rete la,paske lè l pra l jou li fè plis nwa.

’Yon ti bebe kap benyen nan san touprè manman l’’.Sa pase Vendredi 6 Októb 2023 a nan Gressier (P-au-P)sitou nan zón Mó n Bato.Li nan 11e nan maten,lè moun nan zó n nan yon ti bebe kap kriye.Kiryozite moun yo pouse yo pou chache ki kote ti bebe sa ap kriye a.nan chache,chache,yo rive nan yon kay kote yo jwen n yon ti bebe (yon ti gason) kap benyen nan san yon dam ki deja mouri anba bal e kó dam nan men m komanse pouri,sa vle di ap bay sant.