Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

 

Gonayv,le 22/04/2024

17e Edition de KOZE TIMOUN

         Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  17e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

        Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’UNE ADOLESCENTE DE 14 ANS VIOLEE SEXUELLEMENT PAR UN ARGENT DE MIGRATION DOMINICAIN’’.Tel est le sujet a développé aujourd’hui.

Zanmi lektè,avan men m mwen antre nan sijè a, ou konnen ke mwen gen obligasyon pou m patage avek ou dewoulman  10e edisyon ‘’KOUNKOU BIBLIK’’ entè-egliz ke OECH ap òganize pou TIMOUN yo an prelid 23e kongrè a :3e joune an,mwen vle pale de Samedi ki te 20 Avril 2024  la,L’Eglise Ev.Nouvelle Creation te resevwa l’Eglise Ev.la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives,e match sa te fini sou yon skò (score )  de 155 a 120 an favè de L’Eglise Ev.la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives  .Sa fè L’Eglise Ev.la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives genyen 6/6 e .l’Eglise Ev de la Nouvelle Creation a 0/3

Nan 4e joune a ,se  l’Eglise Ev.Mahalaleel ki pra  l resevwa  OECH .Nan istwa ‘’KOUKOU BIBLIK ‘’sa,se premyè fwa 2 ekip sa yo gen abitid rankontre e yon n pran le dessus sou lòt la.Koman sa ap ye ?Map kenbe ou enfòme.

An nou retounen nan sijè nou an pou jodi a ki ‘’’UNE ADOLESCENTE DE 14 ANS VIOLEE SEXUELLEMENT PAR UN ARGENT DE MIGRATION DOMINICAIN’’.Aksyon sa pase Vendredi ki te 5 Avril 2024 la, a Punta Cana,an Repiblik Dominikèn sitou nan Provens Altagracia.Ofisye migrasyon sa te pwofite otorite ke li genyen pou li debake nan zòn sa kote pi fo se moun san papye ki abite la epi li poze lapat sou sou tifi sa ki genyen 14 zan.

Aprè plent ki fi n pote pou ajan an,la prezidans de la Repiblik Domikèn kondane aksyon kriminèl sa ke ofisye migrasyon an fè sou ti Ayisyèn 14 zan an.Prezidan Dominiken an,Abinader  ki kandida pou li ranplase tèt li sou pouvwa nan peyi Sendomeng kondane aksyon sa ,kwak ‘’CHASE AYISYEN SOU BOUT TĒ PA YO A’’se pwen fò nan kanpay li.

Mezanmi,gen anpil moun kap di ke ti pitit 14 zan sa pat tifi/vyèg paske li te dejan nan lavi gason.Men m lè nou men m nan OECH ,ko m òganism de Defence et de  Protection de Droit de l’enfant,nap fè pwomosyon pou lamoralite/pou TIMOUN yo rete nan chastete,sa vle di pou pa nan lavi gason anvan yo marye,men sa pa yon rezon men m si yon ti fi ta déjà nan lavi gason pou ya p vyole li seksyèlman.Lè yo vyole yon TIMOUN se yon krim paske on dit : ‘’L’ENFANT N’A PAS DE CONSENTEMENT’’.Ki donk fòk bouwo a pini jan lalwa di l la.OECH ap mande Jistis !Jistis !Jistis pou TIMOUN 14 zan sa ki vyole an repiblik Dominikè..

A swiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH