Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Santé

      Gonayv,le 0/03/2024

10e Edition de KOZE TIMOUN

          Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  10e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’SANTE TIMOUN YO’’,se  sijé sa nap devloiope  jodi a.

Chè lektè,done syantifik yo montre koman evolisyon tanperati a san mwen pa bezwen pale de chanjman klimatik ye.Syantifik yo fè anpil gwo deklarasyon ki ta sanble vle bay tèt chage,men si nou chache konpran n epi adapte nou ak reyalite a,nap ka rive gere tèt nou epi sitou gere TIMOUN yo.

Nan edisyon semèn sa,nap pale de ‘’SANTE TIMOUN YO’’ a travè sa yo rele ‘’Infection Respiratoire Aigue’’ ki gen ti non li ke pèsonel sante yo rele ‘’IRA’’.Anvan mwen kontinye,map salye Doktè Calistin DIEUDONNE,li men ki se responsab medikal nan OECH ki mete pawòl nan bouch mwen pou m pale avek nou jodia.Map ankourage nou pou nou al li  atik ki pibliye sou sit entènèt OECH la ki se www.oech.org pandan map pale la ki titre ‘’INFECTION RESPIRATOIRE AIGUE’’ (IRA).

Ki sa IRA a ye ?Anvan men m mwen di nou ki sa IRA a ye,semèn pase a,mwen gen  plizyè paran ki rele m pou  di m ke TIMOUN yo pa ka vi n nan club.Lè mwen mande yo sa TIMOUN yo genyen ?Yo di m fyèv,tous,rim .Men m kote a,mwen rele responsab medikal OECH la,ki se Dr calistin DIEUDONNE pou m ekspoze l ka a.Li di wi,li posib pou TIMOUN yo devlope sentom sa yo sitou nan peryò sa yo .Pou byenèt popilasyon an,OECH ki se yon òganizasyon ki la pou DEFAN N epi PWOTEGE dwa TIMOUN yo ,li deside pibliye sou sit entènèt li a ki se www.oech.org atik sa ki gen pou tit :’’ ‘’INFECTION RESPIRATOIRE AIGUE’’ (IRA).

Jan nou te poze kesyon an e nap repon n kounye a pou nou di ke  yo pale de infeksyon respiratwa  se lè ke yon n nan estrikti ki konpoze sistèm respiratwa a atake ,tankou :nen,bouch,zòrèy, pou m site sa yo selman.Lè sa,si nou pa pran byen avek TIMOUN nan nou ka kriye paske selon yon rapò estatistik  ki pibliye an 2016 avek MSPP ,yo  te revele ke IRA,sitou nemoni (pneumonie) se te yon n nan premyè koz ki fè plis TIMOUN pèdi lavi yo,sa yo rele (morbidite),te genyen plis pase 52% TIMOUN ki mouri paske paran yo te plis ret nan tretman natirel san yo pa ale lopital

Chè paran,lè nou wè TIMOUN yo gen tous,rim fyèv elatriye,pa rete selman nan ba yo ti te,men chache chemen lopital paske ‘SANTE TIMOUN YO’’ se priyorite OECH..Yon lòt fwa ankò,mwen konseye nou al li atik sa ki pibliye sou sit entènèt OECH la gen pou tit ‘’INFECTION RESPIRATOIRE AIGUE’’ (IRA),wap jwen n anpil konsey ke responsab medikal OECH la,Dr Calistin DIEUDONNE patage avek nou ki kapab amelyore sante TIMOUN yo.

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH