Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun

       Gonayv,le 25 Fevriye 2024

    9e Edition de KOZE TIMOUN

         Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  9e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’KALVĒ TIMOUN YO’’,se  sijé sa nap devloiope  jodi a.

Chè lektè,nou konnen byen,sitou nou men m ki Ayisyen,lè yo di yon moun ap monte yon ‘’KALVĒ’’,yo jisteman vle di ke moun sa nan yon sitiyasyon/kondisyon vrèman difisil/konplike.Ebyen aprè tout analiz/konsta/obsèvasyon ke OECH, kò m òganizasyon kap defans epi pwotege DWA TIMOUN yo,se mo ‘’KALVĒ’’ a li oblige itilize pou eksplike nan ki kondisyon TIMOUN yo ap viv.

Bò lakay pan nou ,nan peyi Dayiti dwa fonadamantal TIMOUN  yo (droits fondamentaux) tankou :mange,ledikasyon ak sante  tounen yon liks ,(luxe) pou TIMOUNyo,pou m di pi byen,yo pa respekte yo e men m pase yo anba pye nan syèk nap viv la mezanmi.

Si m ta fè nou yon konfidans,se pa selman nan peyi Dayiti TIMOUN yo ap monte ‘’KALVĒ’’ a non,se toupatou nan mond lan TIMOUN yo ap monte yon ‘’KALVĒ’’.Genyen 1,4 milya   (1,4 milliard) TIMOUN ki gen pi piti pase 15 ane (15 ans)  nan mond lan ki pa benefisye sa ki rele ‘’PWOTEKSYON SOSYAL’’ la sou pyès fòm .Sa vle di ke TIMOUN yo ekspoze a tout sòt de maladi,malnitrisyon,povrete,pou m ta site sa yo selman.Donk nou wè tout bon vre ke TIMOUN yo ap monte yon ‘’KALVĒ’’ pa do silvouple.

Se vrèman yon ‘’KALVĒ’ TIMOUN yo ap monte pa do nan lemond,paske sou chak dis (10) TIOUN,pa men m gen yon n (1) ki gen aksè ak alokasyon familial (allocation familliale).Nan Selman yon peryòd de katòzan (14 ans) aksè ak alokasyon familyal la monte a 28,1%,li te a 20% nan ane 2009,rapid li gentan monte a 28.1%.Nan yon lòt edisyon mwen va pale plis de sa yo rele alokasyon familyal la.

Mezanmi,chif 1,4 milya (1,4 milliard) TIMOUN nan ,se OIT,UNICEF ak Save the children ki pibliye li.Eske nou te konnen ke se UNICEF ak Save the Children ki se 2 pi gwo òganizasyon ki travay nan domèn TIMOUN nan mond lan ?Yon toujou di :’’chèf pa kon n nan pleyen’’.suivez mon regard !

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH