Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun

Gonayv,le 15 Avril 2024

16e Edition de KOZE TIMOUN

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :MON CASH : 3764-7217    // NATCASH: 4273-4760      // ZELLE          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan 16e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
‘’’UN ADOLESCENT DE 12 ANS S’EST SUICIDE AVEC L’ARME A FEU DE SON PAPA’’.Tel est le sujet a développé aujourd’hui.
Zanmi lektè,avan men m mwen antre nan sijè a,ban m ba ou yon ti kont randi de 10e edisyon ‘’KOUNKOU BIBLIK’’ entè-egliz ke OECH ap òganize pou TIMOUN yo an prelid 23e kongrè a :2e joune a te gen match ki te mete fas a fas OECH ak legliz EMEVI,e match sa te fini sou yon skò (score ) egalitè (180 ).Donk ,yo chak a 1/3.
Nan 3e joune a ,se l’Eglise Nouvelle Generation ki pra l resevwa L’Eglise EVangelique la ‘’PORTE DU CIEL ‘’ des GonaivesOECH .Nan istwa ‘’KOUKOU BIBLIK ‘’sa,se premyè fwa 2 legliz sa yo ap rankontre.Koman sa ap ye ?Map kenbe ou enfòme.
An nou retounen nan sijè nou an pou jodi a ki ’’UN ADOLESCENT DE 12 ANS S’EST SUICIDE AVEC L’ARME A FEU DE SON PAPA’’.Dram sa pase nan Tigwav (Peti-Goave) Dimanch ki te 7 Aril 2024 la,espesyalman nan ri Benwa (rue Benoit),kote ti gason sa rele Wilgens Kerry JEAN JACQUES ki gen selman 12 zan (12 ans) rale zam epi touye tèt li.
Daprè Guyto Mathieu, jounalis kap travay nan Radio Preference FM,ta sanble ke se aprè manman Wilgens te fi n kale li ,poutèt yon tablèt ke li derange,li antre nan chanm lan ,yon ti tan aprè yo tande yon bwi katouch ki tire.Pa kiryozite yo antre,se konsa yo wè Wilgens kap benyen nan san li.
Zanmi mwen yo,gen anpil kòmantè kap fèt sou dosye sa kote yon n opoze ak lòt,e se nòmal,paske tout moun pa tap jan m wè bagay yo men m jan.Gen moun ki men m rive di ke manman an pat dwe kale li.
Chè konpatriyòt,OECH apekzòte nou pou nou pa desan n nan nivo ba sa.Eske paran an pa dwe kale yon TIMOUN ki fè yon bagay kip a bon ?Eske depi yo tape yon TIMOUN li dwe touye tèt li pou sa ?Si se konsa li ta ye,sosyete nou an pa tap gen moun ki rete ladan n ankò.OECH ,kòm òganizasyon de DEFENCE et de PROTECTION de droits de l’enfant rete alekout de popilasyon an sou kòmantè yo,e kòmantè yo ap pouse OECH pou l kontinye fè travay li ko avagadis pandan lnap chache konnen origin zam nan ki te an posesyon de papa Wilgens lan.
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

 

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.