Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Uncategorized

     Gonayv,2 Janvye 2024

1ere Edition de KOZE TIMOUN

          Byenvini zanmi lektè nan 1ere  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’Mési anpil paske nou te bay TIMOUN yo anpil soup joumou’’,se sijé sa nap devlope jodi a.

Yon ane pase,yon lòt ane antre ,tout GLWA pou Bondye Papa Kreatè a,pou Pitit la Jezi Kris Redamtè a ak Sentespri Konsolatè a.Mwen reklame BENEDIKSYON Bondye sou nou tout,espesyalman sou TIMOUN yo pandan nouvèl ane 2024 la ki genyen pou tè m ‘’SA BONDYE BENI,LI BENI L NĒT’’ (Nonb 23 :25).

Zanmi lekté,chè paran,mwen vle felisite nou e men m remesye nou paske nou te bay TIMOUN yo anpil soup jomou premye janvye a.Sa se prèv ki montre nou ke nou konpran n e nou aksepte tout konsey ke mwen te déjà patage ak nou sou enpotans ‘’SOUP JOUMOU POU TIMOUN YO’’.

An reyalite,’’SOUP JOUMOU’’ se prensipal meni pèp Ayisyen sitou chak premye Janvye.UNESCO antre li nan patrimwan imateryel de limanite (patrimoine culturel immateriel de l’humanite) depi ane 2021.

Mèsi anpil paske nou te bay TIMOUN yo anpil ‘’ SOUP JOUMOU ‘’ premye Janvye a.Men akoz de enpotans ‘’SOUP JOUMOU POU TIMOUN YO’’,sitou avek richès nitrisyonèl li,map konseye nou pou n pa tan n selman se chak premye janvye pou nou bay TIMOUN yo ‘’SOUP JOUNOU’’.Men kek rezon ki fè sa : li gen anpil potasyòm,anpil vitamin A ki bon anpil pou zye TIMOUN yo,li gen kalori ,li pèmèy entesten/trip TIMOUN yo byen fonksyone,li gen anpil fitostewòl,li diminye risk pou TIMOUN yo fè kansè.Vreman, ‘’SOUP JOUMOU ’’ gen anpil enpòtans pou TIMOUN yo.Yon lòt fwa ankò,pa tan n se chak premye Janvye pou nou bay TIMOUN yo ‘’SOUP JOUMOU’’.

Map fini pandan map raple nou tè m ane 2024 la :’’Sa Bondye BENI,li BENI l nét’’ (Nonb 23 :25).

Yon lòt fwa ankò map swete nou ‘’BŎ N ANE 2024’’

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH