39e Edition de KOZE TIMOUN-lundi 25 Septembre 2023
Zanmi lektè ,mwen kontan pou m pote pou nou 39e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Mesye/dam,toujou nan objektif pou pwomouvwa ekselans nan milye eskolè ayisyen an,OECH vi n prezante nou lis 3 premyè loreyat nan ekzamen 9e AF pou ane akademik 2022-2023 a pou depatman Nódès la,yo toy lè se fi :
District | Etablissement | point | Moyenne | Sexe | Nom | Prenom |
Valliere | Ecole St Jean Bosco | 1384 | 8,65 | F | Antenor | Tchanunca |
Trou du Nord | Royaumes des Petits | 1382 | 8,64 | F | Vilus | Usnaīka |
Ouanaminthe | Salesienne | 1345 | 8,45 | F | Saint-Bert | Phrusca Medjina Madnaīka |
Se yo 3 ki loreyat pou depatman Nódós la ane sa.Se pa san rezon nou komanse ak loreya nasyonal/depatmanl yo avek depatman Nódès la. Map presize pou nou ke depatman Nódès gen yon pwofesi ki dwe akonpli sou li pou tout peyi a.Se ki fè depatman Nódès la o sant aktyalite yo nan moman sa,Gonayv te gentan voye yon plis pase 50 misyonè kretyen nan depatman Nódès la nan fen mwa Dawout la .
Nódès,se yon n nan premye depatman MENFP pibliye lis 3 premye loreya nan ekzamen 9e AF pou ane akademik 2022-2023 a .
OECH ap mande pou otorite yo voye je plis nan edikasyon an nan depatman Nódès epi anpil konsiderasyon pou Tchanunka,Usnaīka ak Phrusca.
Aswiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.