Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun

41e Edition de koze timoun-lundi 9 Octobre 2023

Zanmi lektè ,mwen kontan pou m pote pou nou 41e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

Twa premye loreya nan ekzamen 9e AF pou depatman Latibonit (2022-2023)’’.

Mesye/dam,toujou nan objektif pou pwomouvwa ekselans nan milye eskolè ayisyen an,OECH vi n prezante nou lis 3 premye loreya nan ekzamen 9e AF pou ane akademik 2022-2023 a  pou depatman Latibonit la :

District Etablissement point Moyenne Sexe Nom Prenom
Gonaives Diocesaint Saint Paul 1437 8,98 F Altidor Lenine Withenice
Dessalines Ecole l’Excellence 1418 8,86 M Vilsaint Sarakadra
Saint Marc Jn Bapt Pte du Sable 1408 8,80 F Manasse Mannoela

 

Map presize pou nou ke nan lis MENFP soti pou depatman Latibonit la,si m tap fè konsiderasyon pou ta chwazi  10 premye yo pou Latibonit,Gonayv gen 6 lekól,St Marc gen 2 lekól epi Marchand Dessalines gen 2 lekól.Sa vle di 10 premyè plas yo nan ekzamen 9e AF pou ane akademik 2022-2023 a pou depatman latibonit la separe ant Gonayv,chef lye depatman an,St Marc ki konsidere kó m 2e vil nan depatman an epi Marchand Dessalines ki konsidere kó m yon vil touristic nan depatman an.

OECH ap mande pou otorite yo voye je plis nan edikasyon an nan depatman Latibonit epi anpil konsiderasyon pou : Altidor Lenine Withenice,Vilsaint Sarakadra ak Manasse Mannoela ki se respektivman 1e,2e epi 3e loreya pou depatman latibonit.

Map pwofite salye Direktè Didier Pierre,ki te kolabore avek mwen pou m te jwenn infómasyon sa yo

 

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.