Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun

15e Edition de KOZE TIMOUN

 Gonayv,le 8 Avril 2024

Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  14e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’LA REPRISE DES ACTIVITES SCOLAIRE’’.Tel est le sujet a développé aujourd’hui.

Zanmi lektè,avan men m mwen antre nan sijè a,ban m ba ou yon ti kont renedi de seremoni lansman 10e edisyon ‘’KOUNKOU BIBLIK’’ entè=egliz ke OECH ap òganize pou TIMOUN yo an prelid 23e kongrè a :Se te na yon anbyans ekstraòdinè TIMOUN,granmoun melange ak kad  yo te soti toupatou nan Vil la pou lansman kokenchènn aktivite san parèy sa.Nan mitan gwo anbyans sa,kou danvwa a ta pral bay pou dewoulman premye match la ki te mete fas a fas l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives  ak l’Eglise Plenitude de Marottes.Konsa,L’eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives ta pral reyalize  premyè viktwa li  anfas  L’eglise Plenitude de Marottes sou yon eskò {Score ) de 130 a 100 .Donk ,l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL ‘’ des Gonaives  déjà a   3 /3 tandiske l’Eglise Plenitude de Marottes a  0 /3.

Nan 2e joune a se pral OECH kap gen anfas li EMEVI.2 ekip sa yo abitye rankontre ,yon n kon n fè viktwa sou lòt.Koman sa ap ye fwa sa ?Map kenbe ou enfòme.

An nou retounen nan sijè nou an pou jodi a ki ’’LA REPRISE DES ACTIVITES SCOLAIRE’’.Aprè plizyè mwa kote TIMOUN lekòl te chita lakay ap peyen lage,nou konstate ke lari a komanse bèl ankò,sa vle di lari komanse rejwen n vizaj li avek prezans TIMOUN yo kap monte/desan n 6h30 -8h30 nan maten epi 1h-3h nan aprè midi.Sa vle di aktivite lekòl la rekomanse ,sitou nan vil Gonayv.

An reyalite,nap mande poukisa yo te bloke lekòl la,e sitou pour quel resultat ?Mezanmi,tout moun reyalize se pou gran mesi yo te fè TIMOUN yo chita lakay pa ale lekòl.Nou pa tap gen pwoblèm non si te gen rezilta.Finalman,tout moun ka wè se pou gran mesi TIMOUN yo te chita pa ale lekòl,e lè konsa se paran yo,sitou TIMOUN yo ki viktim nan jan de mouvman sa yo.

Nan sans sa,OECH ap ekzòte direktè lekòl yo ak pwofesè yo pou yo ka kouri avek TIMOUN yo nan kesyon pwogram.Pa tèt nou ilizyon sa ,nou pap gentan boukle pwogram nan .Nan ka sa,se sove sa k ka sove,sa vle di wè sa ki esansyèl avek TIMOUN yo.Pa kouri avek TIMOUN yo pou nou pa tonbe nan sa ki rele ‘’BOURAJ DE KRA N’’,e sitou nou konnen se pa tout TIMOUN ki ka apran n sou presyon.

A swiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH