Éducation Formation Information Koze Timoun Santé

Gonayv,le 19 Fevriye 2024

  8e Edition de KOZE TIMOUN-Lundi 19 Fevrier 2024

         Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  7e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’KOMAN NOU DWE TRETE TIMOUN YO LĒ YO TONBE ANSENT ?’’,se  sijé sa nap devloiope  jodi a.

Chè paran,mwen ka konpran n ke lè w fek konnen ke ti pitit fi w la  tonbe ansent,sitou ou pat konnen si TIMOUN nan te renmen,sa ap fè w mal,ou ka sou chok,ou ka nève ,sitou genyen TIMOUN malgre li konnen li ansent,li kite w al peye kòb lekòl la kanmen m ,epi se ou ki pra l dekouvri ke li ansent oubyen se nan bouch moun w ap apran n ke li ansent.Lè konsa ou santi w ta  kraze/brize.Men m ap di w de tout fason ,ou pa  ka touye TIMOUN nan pou sa.Se kon n erè pa TIMOUN nan,men kek fwa se kon n legète paran an ki pa asime responsablite w ko m paran,ou kite TIMOUN nan fè sa l vle,li soti lèl vle ,li antre lèl pito,li ale nan pwogram lide l di l.Fòk ou ta mete nan tèt ou ke li te ka tonbe ansent kan men m yon jou .An reyali ,se pa sa ou tap jan m swete,men sa rive,kalme w  pou ni ou men m ko m paran ,ni TIMOUN nan pou nou apran n de erè nou.

Kò m paran,si ou dwe blame e men m kale TIMOUN nan,pa fè sa avek kolè ni  emosyon.Kalme w epi mande l pou ki moun li ansent ?Aprè repons li,pran ti tan pou w reflechi,ou ka konvoke ti gason an epi paran li.Ban m gentan antisipe pou m di nou : lè nou gen yon TIMOUN ki tonbe ansent,pa kouri ekzige maryaj mezanmi,paske maryaj la pa vrè solisyon an/reparasyon.Anpil fwa ,malgre ansent kon n mete pye,sa pa vle di 2 TIMOUN yo te renmen pou sa.Map pwofite ekzòte kòlèg pastè m yo pou yo pou yo pa pran nan pyèj sa,lè nou ta gen 2 ti jèn legliz la ki ta tonbe ansent,maryaj la se pa sèl inityativ/sekou/reparasyon.

Chè paran,pandan TIMOUN nan ensent lan,pa rete goumen nan mande maryaj ,ou ka riske pèdi pitit fi ou la  si swivi prenatal yo pa fèt epi fèt a tan.Chache chimen lopital avek pitit ou,ke paran ti gason an avek ou ke li pa avek ou.Sa k kon n pi mal la,ti fi kon n di  men pou ki ti gason li ansent,ti gason n di se pa pou li.Mwen pap ba w manti,lè sa ou men m kò m paran ,ou santi se yon frekansite melange ak yon pèmèt.Lè sa,ou oblige pran wont sèvi kolè,regle tout bagay pitit ou pou kò w paske anpil fwa nou pa asime responsabilite nou,nou kite TIMOUN yo pasi pala nan pisi n agoch/adwat epi se lèkabrit fi n pase n ap rele fèmen baryè.

Aswiv

         Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH