Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                                                                                           NATCASH: 4273-4760                    

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 05/10/2026

40e Edition de KOZE TIMOUN

          Zanmi entènot mwen yo,semèn pase a,nan jesyon de klas mwen,mwen te wè avèk nou ,kòman espesyalis nan edikasyon yo,nan kesyon estrateji,yo  pale de gesyon pwoaktiv ak gesyon reaktiv de klas.Nou te déjà wè ki sa gesyon pwoaktiv la ye,jodi a nou pral wè ki sa jesyon reaktiv la ye.

Generalman,yo di gesyon reyaktif  klas la se reyaksyon anseyan an swit ak move konpòtman yon elèv nan klas la.An reyalite ,pa gen yon fòmil dirèk ki ka di men kòman anseyan an dwe reyaji,chak anseyan kapab genyen pwòk reyaksyon li selon elèv la,nan ki klas lap anseye,nan ki kategori elèv sa twouve l.Men nap dakò avèk mwen ,fòk reyaksyon anseyan an pa depase limit,sitou nan sanksyon oubyen pinisyon lap bay elèv sa,paske prensip  gesyon reyaktiv de  klas la chita sou reyaji avèk kal ak konstans lè yon pwoblèm rive.

  1. Anseyan an pa dwe fè vyolans vèbal,fizik ni sikolojik sou elèv la.
  2. Montre elèv la ki enterè ou genyen nan reyisit li
  3. Li toujou pi bon lè anseyan an pote koreksyon an prive pou elèv la olye li korije li devan tout klas la.
  4. Tande elèv la avèk swen.
  5. Oryante elèv la pou l jwenn sipò direksyon an selon ka a.

Donk, gesyon pwoaktiv ak gesyon reaktiv de klas se 2 gwo pilye nan domè gesyon de klas.

Mèsi !

Eveque Abcèste DACEUS,President de l’OECH

          Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.

Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :

  • Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
  • Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
  • Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
  • Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
  • St Michel :Radio Salem
  • Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
  • Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
  • Enri :Biwo Pwojè HA-718