Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun

                                                 35e Edition de koze timoun-lundi 28 Aout 2023

Zanmi lektè,bonjou/bonswa ,mwen kontan pou m pote pou nou 35e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

‘’ESKE NOU DWE PINI TIMOUN YO OUBYEN SANKSYONE YO LЀ YO FĒ YON BAGAY NOU TROUVE KI PA BON’’.Se sijè enstriktif  sa nap devlope jodi a.

Nan yon kou gesyon de klas (gestion de classe),yo ansegne ke  yon pwofesè pap jan m ka fè yon bó n gesyon de klas li,si li pa an mezi pou l fè diferans ant pinisyon ak sanksyon.Sa vle di,pou li konnen eske se pini li dwe pini elèv la oubyen se sanksyone li dwe sanksyone li lè li fè yon bagay ke li estime ki  bon.

Pandan nap pale de gesyon de klas la (gestion de la classe),map pwofite presize pou nou ke genyen 5 konpozant nan gesyon klas(5 composante de la gestion de classe).Nan yon lót edisyon,nou va pale de sa.Men nap chita jodi a sou kesyon sa ‘’ESKE NOU DWE PINI TIMOUN YO OUBYEN SANKSYONE YO LЀ YO FĒ YON BAGAY NOU TROUVE KI PA BON ?’’.

Pou nou ka pi byen konnen ki sa pou nou fè,fók nou ta konnen ki objektif pinisyon an ak ki objektif sanksyon an.Nan sans sa,pa pwobite entèlektyèl map refere nou ak Erick PRAIRAT,ki se yon pwofesè de syans de ledikasyon (sciences de l’éducation a l’université de Lorraine),li eksplike, san l pa mete dlo nan bouch li ki sa ki se objektif pinisyon an ak ki sa ki se objektif sanksyon an.

Map rezime pou m di ke objektif pinisyon an se imilye TIMOUN nan e men m rive fè l soufri,tandiske objektif sanksyon an se ede TIMOUN nan pran konsyans de sa l fè a e rive fè l wè li men m men m prensip ak règ ke li vyole yo.

Aló,chè paran,pwofesè/mèt,apati de jodi a nap ka rive konnen pi byen lè TIMOUN nan fè yon bagay ke nou gije kip a bon,eske se pinisyon pou nou ba li oubyen se sanksyone pou nou sanksyone l.

Toujou songe sa,ou pa pini moun ou renmen,sa vle di ou pa moun ou renmen soufri.

Mèsi

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.