Éducation Formation Information Koze Timoun Réligion

      Gonayv,le 22 Janvir 2024

     4e Edition de KOZE TIMOUN 

Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  4e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN’’,se sijé  sa a nap devlope jodi a.

Chè lektè,sitou kolég pasté ak lidé evangelik mwen yo,sa se yon sijé mwen konnen ki dwe entérese nou nan yon nivo ekstraòdiné e men m plis pase semén pase a kote mwn te devlope sijé sa ki te pale sou ‘’Gestion de Classe’’.

’’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN’’ se yon nouvo dokiman ki sou mache a sitou pou ansegne TIMOUN yo nan lekòl dimanch legliz yo ki prepare pa sévité ou,Pasté Abcéste DACEUS (Pastur Dufeu),ki se Pasté de l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives.Malgre tout tan nou konen ke Pasteur Dufeu genyen depi lap travay avek TIMOUN kò m prezidan OECH, ki se yon òganizasyon kap defan n epi pwotege dwa TIMOUN ke Leta Ayisyen otorize pou fonksyone sou teritwa peyi Dayiti.

Nan ki objektif liv sa rive ekri ?Mwen tap chache tankou chyen fou liv lekòl dimanch pou TIMOUN,pou te ka ansegne TIMOUN ki nan l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives ,malerzman mwen pat kapab jwen n.Finalman,mwen te deside prepare yon senp brochi espesyalman pou TIMOUN yo ki nan l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives.Lé m fi n prepare li,mwen te chwazi bay 2   zanmi pote kek koreksyon nan liv la ,se mét Ilran LOREMA ki se yon Enspekté kap travay nan domén ledikasyon ,li se egalman reponsab komisyon pedagojik nan OECH epi Pasté Emmanuel THOMPSON ,ki se yon psikològ.Kek jou apré mwen fi n soumét dokiman an pou koreksyon,Pasté Emmanuel THOMPSON rele m pou mande m konbyen map van n liv la ?Paske gen yon Pasté ki pase kote l ki te bezwen liv lekòl dimanch pou TIMOUN,li entése ak liv la.

Sa te etone mwen paske mwen pat gen nan tét mwen pou m te prezante yon liv o gran piblik,sa te fé m santi vreman genyen nesesite pou liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo.Sa te pouse m reflechi epi repanse ak liv la ,chache kek imaj apwopriye pou TIMOUN yo selon sijé ki devlope a.Se yon liv ki gnyen 52 leson pou 52 dimanch nan ane 2024 la.Liv la gen sijé ki korespon n ak kek dat enpòtant tankou :fét Pak,fet laBib eksetera.

Zanmi  kòlég Pasté ak lidé evangelik ki toupatou,nou men m ki te nan tét chache pou w te jwen n liv lekòl dimanch pou ansegne TIMOUN yo,depi jodi a map anonse nou. ke pwoblém nou rezoud nan sans sa ak  ‘’’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN’’ .  ‘’’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN’’  se yon tré bon liv pou ansegne TIMOUN lekòl dimanch nan lgliz nou yo . ’’LESON DOMINIKA POU TIMOUN’’ se yon tré bon zouti ke Pasteur Abcéste DACEUS (Pasteur Dufeu) ap mete nan men monité/monitris kap travay ak TIMOUN yo nan lekòl dimanch gras ak sipò l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives. ‘’’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN’’   disponib nan biwo OECH la ki nan # 20,ryél féz,zòn Asifa ak kek lòt pwen de vant ke nap gentan kominike nou,men nou ka rele nan 4273-4760/3764-7217 pou plis enfòmasyon sou ‘’’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN’’   .

 

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH