Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun

                                              

Gonayv,le 15 Janvye 2024

         Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  3e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’LA GESTION DE  CLASSE’’,se sijé enstriktif sa a nap devlope jodi a.

Chè lektè,semè n pase a nou te pale de ‘’REGLE DE VIE DE LA CLASSE’’,ki se se yon pwen ki genyen anpil enpòtans nan sa ke espesyalis nan edikasyon yo rele ‘’gesyon klas’’ (gestion de la classe).

Jodi a,nou pral wè an gwo ki sa ‘’GESTION DE CLASSE ‘’ ye ?Par senp definisyon,yo di ke ‘’LA GESTION DE CLASE’’se tout aksyon ansegnan an/pwofesè a mete an plas pou li ka etabli/kenbe/restore yon klima  favorab pou fasilite aprantisaj aprenan/elèv yo.Donk, ‘’GESTION DE CLASSE ‘’ se yon pilye nan domèn ledikasyon,sitou pou ede TIMOUN yo nan aprantisaj yo.Gen twa (3) gwo etap ke yo prevwa  pou yon bò n gesyon de klas ki se :preparasyon,kondwit ak ajisteman kou a .Se tout rezon sa yo  ak anpil lòt ki fè map repete yon lòt fwa ankò ke,la ‘’GESTION DE CLASSE ‘’ se yon pilye nan domèn ledikasyon,sitou pou ede TIMOUN yo nan aprantisaj yo.

Kounye a petèt ,gen moun kap di :men Pastè Dufeu ki enpòtans  ‘’GESTION DE CLASSE ‘’ la genyen ?Ak kesyon sa ,map repon n :pami tout faktè esantyèl nan zafè aprantisaj, ‘’GESTION DE CLASSE ‘’ vini an premye paske li mete aprenan/elèv yo nan yon kondisyon ki plis adapte pou yo apran n.Li limite konpòteman yo pou yo pa pètibe oubyen derange klas la,li favorize tan oubyen lè yo tan dwe genyen pou yo travay nan klas la.Se sa ki fè, ‘’GESTION DE CLASSE ‘’ se yon n nan eleman ki dwe preokipe tout ansegnan/pwofesè .Pou ran n ‘’GESTION DE CLASSE ‘’ pi dinamik,pwofesè yo gen twa (3) bagay ki dwe preokipe yo chak fwa yap antre nan klas la pou y al travay :

1-Ki sa yo prevwa anvan kou a ?

2-Ki sa yo prevwa pandan kou a ?

3-Ki sa yo prevwa apre kou a ?

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH