Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun

       Gonayv,le 05 Fevriye 2024

6e Edition de koze KOZE TIMOUN

Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  6e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’EDE TIMOUN YO’’,se sijé  sa a nap devlope jodi a.

Medam/mesye,kom nou konstate depi plizye ane,TIMOUN yo pa jan m ka pase kantite jou yo ta dwe pase lekòl akoz de tibilans politik yo.Men  COVID-19 ofri nou yon opòtinite pou  ke men m lè ta gen manifestasyon oubyen peyi lòk ki  ta koz TIMOUN nan pa ka deplase de lakay li ak etablisman skolè a,pou l pa pèdi nèt  tout sa ke li ta dwe apran n.Nou wè ke gen kèk lekòl ki pwofite de opòtinite sa ,men gen anpil lòt ki ,malerezman  pa mete pyès estrikti pou sezi opòtinite sa.

OECH ap felisite kèk gren n lekòl ki komanse mete estrikti pou sa epi ankourage e men m fè obligasyon ak tout lekòl piblik kou prive ki nan peyi a pou prepare yo an konsekans.Yon lòt kote,OECH ap ekzòte paran yo pou chwazi lekòl ki itilize teknoloji sa pou mete TIMOUN yo,sinon TIMOUN yo ap toujou la ko m’’les grands perdants’’.

Imajine nou chè paran,TIMOUN yo soti lekòl depi mwa Desanb ,yo fè tout mwa Janvye a chita lakay e nou pa konnen pou ki lè yo la.Lekòl yo pa fè nou peye pa mwa ankò pou nou ta di nap konte mwa TIMOUN nan pa ale lekòl la nou pap peye yo.Ki donk se nou men m paran ak TIMOUN yo kap anba.Men si nou chwazi lekòl ki ka itilize teknoloji a pou travay ak TIMOUN yo men m lè  yo pa ka deplase ,sa se yon ĒD anplis pou TIMOUN yo.

An reyalite,gen kek lekòl men m pandan TIMOUN nan pa ka deplase,li fè e remèt devwa,li resite,li fè ekzèsis ,elatriye.Yon lòt fwa ankò felisitasyon pou lekòl sa yo,kwak se pa yon kado yo fè paran yo ak TIMOUN yo,paske yo te gentan peye oubyen komanse pou sa.men se pou direksyon yo songe tou pou yo peye pwofesè yo mwa Janvye nòmalman.

Nou men m  paran ,nou gen responsabilite pou nou EDE TIMOUN yo lakay la men m si yo pa ta nan yon lekòl ki genyen estrikti sa,pa kite yap jwe selman,men fè yo pran liv yo paske apse a se nan kò noua k TIMOUN yo li ye.

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH