Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun

48e Edition de koze timoun-lundi 27 Novembre 2023

Gonayv,le 27 Novanb 2023

Byenvini zanmi lektè nan 48e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’TOUT EST BIEN QUI FINIT BIEN ’’,se pawòl sa yo nou itilize pou nou dekri kloti 10e edisyon KARAVA N SEMĒ N DWA TIMOUN ki te dewoule soti 19 pou rive 26 Novanb 2023 nan okazyon JOUNEN INTĒNASYONAL DWA TIMOUN.L’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) mobilize tout resous li yo pou te ran n posib evènman sa nan peyi.

Nou di Papa Bondye mèsi mèsi,tout konferansye nou yo ki te konsanti gwo sakrifis pou te prepare epi prezante konferans yo nan okazyon sa ak tout lòt aktè/sipòtè ki te kontribye yon fason kelkonk san nou pa ka bliye staff OECH la sitou chofè nou pou ane sa ki fè yon enòm sakrifis pou transpòte manb staff la ale/retou pandan peryòd KARAVA N nan.

Map reple ak tou tout moun ke TIMOUN y opa selman genyen ‘’des devoirs’’,men yo genyen ‘’des droits aussi’’.OECH ap kontinye travay pou DWA TIMOUN yo ka respekte nan peyi a.Gen anpil gwo dosye VYOLASYON DWA TIMOUN ke OECH ap enkete sou yo pou limyè ka jayi yon fason pou DWA TIMOUN yo sispan n pase anba pye.

Nan okazyon JOUNEN INTĒNASYONAL DWA TIMOUN ane 2023 a,OECH ap pouse yon kri pou plizyè milye TIMOUN ka deja tonbe nan gè ki mete fas a fas Ikrèn ak Lawisi yon kote epi Izryèl ak Palestin yon lòt kote.Se twòp atò.

JISTIS POU TIMOUN YO !JISTIS POU TIMOUN !JISTIS POU TIMOUN YO !

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH