Droits de l'Enfant Information Koze Timoun Media

49e Edition de koze timoun-lundi 4 Decembre 2023

Gonaives,le 4 Decembre 2023

’LIBERATION PAR LE HAMAS D’UN ENFANT PRISE EN OTAGE ’’

Byenvini zanmi lektè nan 49e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’LIBERATION PAR LE HAMAS D’UN ENFANT PRISE EN OTAGE ’’,(tel est le sujet a developpe aujourd’hui)se avek gwo kè kontan ke L’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) apran n liberasyon de Abigaïl Edan,yon TIMOUN (ameriken doriji n Izrayel) ki genyen selman katran (4 ans) ke Hamas de pran mete nan prizon depi 7 Oktòb pase a.

Liberasyon sa fèt kek jou aprè dat JOUNEN INTĒNASYONAL DWA TIMOUN ,kote L’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) tap pouse gwo kri pou DWA TIMOUN yo ka respekte sou tout planèt la ,sitou TIMOUN ki sou tèritwa Izrayelo-amerikèn (Israelo-Americaine) an,toutfwa,ou ka al li/reli  48e edisyon an kò m referans kote OECH ap mande JISTIS POU TIMOUN YO.

Liberasyon Abigaïl  Dimanch 26 novanb lan pa selman yon kontantman pou OECH,men li se sitou yon jwa pou  Prezidan Ameriken an Joe Biden ,ki deklare  nan yon konferans de Près depi Etazini :’’sa li Abigaïl andire a ,se bagay moun pa tap imajine’’ / ‘’Ce qu’elle a enduré est inimaginable’’.Biden ajoute :’’Abigaïl lib,kounye a li an Izrayèl’’ / ‘’Elle est libre et est en Israel’’.

Ou men m kap li atik sa,pran yon ti tan pou w reflechi.Yon TIMOUN 4 tran (4 ans),yon touye manman li devan l (Smadar Idan ki gen 38 tan )  ak tout papa l (Roy Idan ki gen 43 zan) .kounye a li pa gen manman ni papa.Men mwen garanti w ke lap vi n yon selebrite pou pèp ameriken an ak nasyon Izrayèl la.

Map presize pou nou ke konfli sa ki mete fas a fas Izrayèl ak Palestin depi plizyèmwa déjà lakoz plis pase senkmil (5 000) TIMOUN pèdi lavi yo.OECH bat bravo lakontantman pou liberasyon Abigaïl,men lap kontinye mande sitou ak UNICEF pou pran bon jan mezi pou TIMOUN yo jwen n PWOTEKSYON.

Pou fini,OECH ap atire  atansyon nou tout,sitou otorite Ayisyèn yo ,gade pozisyon Prezidan Joe Biden aprè liberasyon TIMOUN sa .Sa se prèv ke yo bay TIMOUN enpòtans,e nou men m konbyen TIMOUN ki men m rive tonbe lakay pan ou ?Men ti dwèt nou pa leve,se pa peyi nou genyen tou ?

JISTIS POU TIMOUN YO !JISTIS POU TIMOUN !JISTIS POU TIMOUN YO !

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH