Droits de l'Enfant Information Koze Timoun

   Gonayv,le 11 Desanb 2023

Zanmi lektè ,mwen kontan pou m prezante nou 50e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’VIOL COLLECTIF SUR MINEURE ’’,se sijè sa nap devlope jodi a..

Mesye/dam,pandan 10 dènyè ane sa yo,TIMOUN yo pa sispan n sibi vyolans seksyèl,ti fi tankou ti gason.Daprè ankèt OECH,popilasyon an rive yon kote yo bay lapolis ak la jistis responsab zak de vyolans seksyèl kap fèt sou TIMOUN yo,paske daprè yo men m,bouro yo trò alèz.Bouro a kon n fi n fè zak la epi lap mache sou moun lib e libè e yo kon n men m ap intimide viktim nan ak paran li.Gen sa men m lè yo ta fi n arete yo mete nan prizon,bat ge femen yo gentan lage.Sa fè yon pa gen pyès enkyetid pou yo vyole TIMOUN yo jan yo vle ,lè yo vle e kote yo vle.

Nan depatman Lwès,sitou nan komin Delma,gen 3 jen n gason ki kenbe yon ti fi 12 zan (12 ans) se sa yo bliye yo pa  fè l.Lundi ki te 27 Novanb 2023 a ,viktim nan ak paran li ta l pote plent nan BPM nan Delmas 75 lan.Nan demen,sa vle di nan Mardi 28,an reyalite Lapolis arete 3 (prezime) bouro/asasin/kriminel yo.Lapolis arete yo vre,men e aprè . . . ?

Mezanmi manman ak papa pitit,pou 3 jen n gason pase sou yon TIMOUN 12 zan (12 ans) yon sel kou,si se te pitit pa w,koman ou tap santi w ?Se pa repons wap ban m nan ki entèrese m,sa ki entèrese m nan se pran tout mezi ki nesesè pou sa pa rive pitit ou.Mwen di tout mezi ki nesesè e vreman tout mezi ki nesesè.Mwen pa pwa l site mezi ki nesesè yo paske mwen kon n site yo déjà.Selman gen nan nou kò m paran,tout VOUM SE DO pou nou,nou plis neglijan pase neglijan.

OECH ap sonnen sonèt dalam nan,veye anwo,veye anba paske bouro tout kote e anpil fwa,yo kon n men m nan pwòp kay la,nap mange avek yo,nap bwè avek yo.Lagè avèti pa touye kokobe.Kreyòl pale,kreyòl konpran n.

JISTIS POU TIMOUN YO !JISTIS POU TIMOUN !JISTIS POU TIMOUN YO !

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH