Éducation Information Koze Timoun Uncategorized

         Gonayv,le 25 Desanb 2023

52e Edition de KOZE TIMOUN-lundi 25 Decembre 2023

Byenvini zanmi lektè nan 52e dényé edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’Mési’’,se sijé pou jodi a.

Zanmi lekté,Jean Claude DUVALIER, yon ansyen Prezidan peyi Dayiti  te di,e map repete :’’La reconnaissance est une lachete’’.Kontréman ak sa ansyen Prezidan an te di a,moun save yo di ‘’La reconnaissance est une vertu’’.Yo defini vertu (Véti) kòm yon bò n kalite.Se sa ki fé,an plis de tout bagay sa yo, Bib la ansegne nou ,sitou nou men m ki kretyen ke ’’ larekonesans se yon devwa’’ (1Tesalonik 5 :18).

Nan 52e  e dényé edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a,nou chwazi di MĒSI.Toudabò map di Papa Bondye MĒSI ki pwotege mwen avek tout fanmi m ,tout staff ak  tout kad yo ki nan OECH ak tout l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives.Ou ka imajine,reflechi,fé rechéch pou prezante pwogram sa chak semén jiskaske nou rive nan 52e semén pou ane a, MĒSI Segné.

MĒSI ak Mr Salomon ALFRED,lé m te fek ap komanse KOZE TIMOUN se te sou kek gwoup whatssap Selman mwen te kon n patage li.Gen yon  numewo KOZE TIMOUN li fi n tande,li rele  m pou l felisite m pou TRAVAY map fé a epi li  dim : ‘’ou ka fé plis moun tande KOZE TIMOUN paske sa w ap fé a ap ede paran yo ak sosyete a an general,li ajoute pou l di map pase l sou Radio Vision 2000. MĒSI Radio Vision 2000,branche de l’Artibonite,premye medya ki komanse woule KOZE TIMOUN, MĒSI Mr Lélé ainsi connu ki resevwa KOZE TIMOUN pou pase sou Radio chak Lundi ak Vendredi.

MĒSI Pasteur Joe,Radio Piscine,ki te komanse fé anregistreman pou mwen paske mwen potko gen ekipman pésonel pou m te anregistre ,e Radio Piscine se 2e Radio ki te komanse woule KOZE TIMOUN.

MĒSI fr Styder ak fr Onel,yo tou 2 se te TIMOUN ki te nan OECH ki vi n adilt ki te kon n bay sipò teknik yo nan reyalizasyon KOZE TIMOUN.

MĒSI DG Tiwaz ainsi koni,Radio Decibele, MĒSI Radio Source Spirituelle,Radio Mahanaim,Radio Rapha,Radio Enterne Continentale ki jwen nou nan mitan ane 2023 gras ak emisyon koneksyon avek Pasteur Samuel Thelusma. MĒSI Ing Emmanuel ak Cedieu Israel ,ki genyen respektivman CEMES Haiti ak Kreyòl Enfo Ayiti,2 medya en ligne ki te kon n pase KOZE TIMOUN.

MĒSI ak ou men m paran , enténot ki toujou montre apresyasyon ou pou  TRAVAY sa,nou ouvé pou nou resevwa kritik,sigesyon,komanté ak mo ankouragman ou yo.

Ché paran,apran n TIMOUN yo di MĒSI e fé yon fason pou MĒSI a tounen yon pati integrant nan vi nou  ak nan vi TIMOUN nou yo.Jodi a se 52e e dényé semén nan ane 2023 a,li se yon obligasyon men m si ou pa ta yon kwayan evangelik,pran titan avek TIMOUN yo pou di Bondye MĒSI.

Ché paran,se pa nou men m nan OECH ki pral pale w de ensekirite ki genyen nan peyi a,pale TIMOUN yo,24,25,31 Desanb pou yo pa lage kò yo  nan plezi,nan bwé sou pretéks se fét epi pou  yo viktim.La prudence est de mise !

Map fini pandan map patage té m semén nan avek nou :’’Sa Bondye BENI,li BENI l nét’’ (Nonb 25 :10).

Aswiv

          Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH