Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun

Gonayv,le 25/03/2024

13e Edisyon de KOZE TIMOUN

          Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  13e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’PA BAY TIMOUN NOU POTE NENPŎT NON’’,se sijé entéresan sa nap devlope jodi a.

Zanmi lektè,yon NON (nom) se mo nou sévi pou dezigne/nome/idantifye/rele yon moun oubyen yon bagay.Nan konvansyon Relativ ak Dwa TIMOUN (Convention Relative aux Droits de l’Enfant),sitou nan rezime atik yo,nan atik 7 la li di : ‘’TIMOUN nan gen dwa pou l gen yon non depi li fenk fét’’ (L’enfant a le droit a un nom des la naissance’’.

Se sa ki fé,nan tout peyi/nan tout kilti/sivilizasyon/religyon,non yo toujou gen enpòtans yo,chak non gen istwa yo.Se sa ki fé dan lantikite,li pat jan m yon aza lé yon paran bay pitit li pote tel ou tel non.Lé konsa,paran sa an mezi pou li eksplike ou pou ki rezon se non sa li bay pitit li a.Nan sans sa,yon moun pa dwe pémét li bay yon TIMOUN nenpòt non.Paske non an ka fé gwo enpak sou TIMOUN nan pozitvman oubyen negativman.

Mezanmi,gen moun ki kontante yo,paske vwazen an oubyen zanmi an bay pitit li tel non,li men m tou li chwazi rele pitit pal la konsa.Li tande non tel atis oubyen yon selebrite,li chwazi se non sa pou li bay pitit pa l la.Kelkefwa li pa men m ka site/pwononse non an,ou pa bezwen mande pou gran n ak fanmi ki andeyò yo.

Ché lekté,pa oze nou bay pitit nou nenpòt non.Nan Bib la,non yo gen sans yo,signifikasyon yo ak istwa yo.Men m jan nan vodou a,gen moun se pa konsa konsa yo bay pitit yo non. Si ou mande l, lap retrase istwa non sa pou ou,e li ka di w se tel misté/lwa ki te vi n ba li non an.E otomatikman,espwi a ap domine TIMOUN nan.Imajine w,ou men m ki tande non sa,epi ou pa wé ou pa tande se yon sa ou bay pitit pa w.Ke li te yon sobriké (sobriquet),sa nou rele ti non jwét la,ke li te non nòmal,pa bay pitit nou nenpòt non souple.

Lanmò san jou nou tande a,mwen gen istwa non li ,paske mwen toujou al preche nan legliz IMO ki nan Kwadébouké ,nan ti zòn sa ki rele Dwouya Belbel,se nan lekol legliz sa li te ye lé l te piti.Lekòl la te gen kantin,Petét nan yon lòt edisyon map devlope istwa Lanmò san Jou pou ou,men fòk mwen di w senséman ,non an fé enpak sou li kòm tout moun ka konstate sa.

Ché paran,mwen ekzòte nou ‘’PA BAY PITIT NOU NENPŎT NON’’.Genyen anpil referans Biblik mwen te ka ba nou pou jistifye ekzòtasyon mwen an wi ,men map ba ou selman 1 Samyél 25 :25 (vésé 25).Ke se yon kretyen evangelik ou non,mwen konseye ou al li vésé sa,konsa wap wé tout bon vre ou pa dwe bay pitit ou nenpòt non paske yon non ka enpak pozitif ou negatif sou moun ki pote l la.

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH