Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun Media

Gonayv,le 18/03/2024

12e Edition de KOZE TIMOUN

          Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  11e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’UN NOURISSON ET SA MERE SEQUESTRES DANS UN CENTRE HOSPITALIER AUX GONAIVES’’,tel est le sujet a developpe aujourd’hui.

Chè lektè,nan vil Gonayv nouvèl yo parèt chak jou yon n plis emouvant pase lòt,nan edikasyon,politik,sosyal,sante,ekonomik ,pou m site sa yo selman.Nan moman nap pale a la,sa ki sot fè aktyalite a nan site Endepandans la (Gonayv),se yon manman  avek tout yon ti bebe yo femen yon kote nan yon sant ospitalye nan vil la,pou m pa di yo sekestre.An reyalite,vèb sekestre a ki se yon tè m jiridik kreye divizyon dans le monde de la basoche nan site a,sitou pou sa yo ki kon n dosye a nan bon timamit.Gen nan yo ki dakò ke se yon sekestrasyon (sequestration),men gen nan yo ki di nan ka sa pa gen sekestrasyon (sequestration),Antouka nan OECH,kò m òganizasyon ki la pou PWOTEGE epi DEFANN dwa TIMOUN, se TIMOUN nan ki plis entèrese nou.

Gen moun kap di ,men Pastè Dufeu ki sa dosye a ye men m ?Alò,se yon  jen manman de 28 ans ki tap pote yon bebe,nan moman pou l akouche,yo kouri avek li nan sant ospitalye sa nan dat ki te 31 Oktòb 2023 ,e la yo ede li sove tèt li epi bebe a.Rive nan mitan mwa Mas 2024 (6 mwa aprè),manman an ak ti bebe a te toujou rete nan sant la jiskaske koze a ta pral pran la ri.Map pwofite bay kredi a avek Mesye Tiwas ensi koni (ainsi connu) ki se DG  Radyo Decibel ,yon n nan Radyo ki sipote KOZE TIMOUN.Lè DG a rele OECH e li di ke li konnen se domèn OECH.Efektivman,nou pat pran tan pou te ale (sur les lieux).

Nou debake nan sant ospitalye sa,yo resevwa nou nan sal de resepsyon an,aprè sa yo menmen nou nan administrasyon an kote ADM nan te resevwa nou avek anpil koutwazi.Li eksplike tout swen yo bay dam nan kwak li pat gen kòb,e manman dam ta sanble bay mari dam nan 25.000 pou pote lopital la,msye genlè pa jan m pase nan rout lopital la avek 25.000 goud.Aprè antretyen nou avek ADM nan,li men m li te mennen nou wè jen manman de 28 ans sa avek ti bebe a ki se yon bo tigason trè jovyal epi elegan,e mwen te genyen vèsyon pa dam nan kip a twò depaman avek ADM nan.Selman dam nan fè m konfidans ke li déjà bay 90.000 goud nan administrasyon lopital la e li ta rete 75.000 goud.

Administratris la ki pat vle nou anregistre li di : ‘’Pasteur Dufeu,nou te ka kite l ale pou l ta tounen vi n peye nou pa tranch wi,men nou pran twòp kou konsa déjà’’.Li ajoute pou l di ‘’administrasyon lopital la gen plis pase 15 moun yo fi n bay swen e se nan mizè pou jwen n moso kòb nan men moun sa yo,gen 5 yo pa gen kontak yo men m .

Ban m pwofite  fè travay dedikasyon sa:

1-Chè konpatriyòt,nou pa ka fi n pran sèvis nan yon entitisyon kelkonk ,sitou a kredi,lè nou fi n pran sèvis la pou nou pa songe tounen al  peye dèt nou.Lè nou fèl konsa,nou fèmen pòt pou lòt moun pa jwen n sèvis.Mezanmi,gen yon jan pou n ye.

2-Gen moun ki kontante yo pibliye foto dam nan ak tout bebe a vizaj dekouvè.Li pa bon konsa mezanmi.Nou pa konnen ki sa ti bebe sa ka devni demen e menm dam nan ,paske a selman 28tan,tout n’est pas fini encore..Se ap yon wont demen pou TIMOUN nan ap wè foto l avek manman l ke yo kenbe lopital paske manman li pat ka peye kòb lopittal la.Nou wè koman OECH pibliye foto yo avek pwofesyonalism.,visaj ni manman ni bebe pa paret.

Map fini pou m di sa ki evolye nan dosye a,se plizyè enstans ki deside fè men kontre pou jwen n kòb pou ede manman an avek ti bebe a kite lopital.Pa ri non mezanmi,koman nou ka konpran n pou yon papa ,fanmi madan m nan ki nan yon tèl sitiyasyon ba w 25.000 goud pou pote lopital ,olye msye pote kòb la lopital la,li dezète avek kòb la.Bagay yo vreman a lanvè

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH