Éducation Formation Information Koze Timoun

44e Edition de koze timoun-lundi 23 Octobre 2023

Zanmi lektè ,mwen kontan pou m pote pou nou 44e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’LENINE WITHENICE ALTIDOR,LA FIERETE ARTIBONITIENNE ’’,tel est donc le sujet a developper aujourd’hui

Zami lektè, Lenine  Wthenice ALTIDOR,se non elèv sa ( ti adolesant sa) ki rive premyè loreyat nan ekzamen 9e AF (2022-2023) pou depatman Latibonit la.Li genyen 15 zan,li fèt nan yon fanmi ki gen 6 pitit,3 fi ak 3 gason.manman li rele Vivianne FILS-AIME epi papa li rele Markens ALTIDOR. Lenine  Wthenice ALTIDOR se elèv kolèg St Paul,nan Gonayiv,li rive premyè loreyat pou depatman latibonit la avek 1437 pwen,mwayenn 8,98.

Nan fas a fas mwen te genyen avek Lenine  Wthenice ALTIDOR nan direksyon kolèg St Paul an prezans direktè a ki se Pè   Ramond A.mwen men m Pasteur Abceste DACEUS (Pasteur Dufeu),kó m prezidan OECH,mwen te mande Lenine : ‘’ki sa sa vle di pou ou,rive premyè loreyat pou depatman Latibonit nan ekzamen 9e AF yo ? Lenice Wthenice ALTIDOR te repon n mwen ‘’sa pa vle di anyen pou mwen’’. Se aprè direktè a,Pè  Ramond ta pra l eksplike m rezon ki fè Lenine ka di ke sa pa vle di anyen pou li a,se paske depi nan 7e li toujou premyè  avek mwayenn 8,9 .

Mwen te oblige pran ti tan avek Lenine pou m te  kapab eksite  lestim de swa (l’estime de soi) lakay li,paske rive premye avek mwayenn 8,9 lekol ou avek rive premye loreyat pou tout yon depatman ,se pa men m bagay.Konsa ,apre ti travay ke mwen te fi n fe avek Lenine nan,li te vi n konpran n vreman ke sa vle anpil bagay pou li.

Yon lot kote ,mwen te rive jwen n papa li li ki tap di m ke li fye de pitit fi li a.Li te kon n travay avek Lenine nan premye tan yo,apre sa li pa kontinye paske li we pefomans li.

Nan objektif pou OECH fe pwomosyon pou lekselans nan milye eskolè ayisyen an,OECH prezante nou Lenine  Wthenice ALTIDOR ko m premyè loreyat nan ekzamen 9e AF pou depatman Latibonit lan.

Nan sans sa,OECH ap mande ak tout pesonalite,tout institisyon prive kou piblik  pou genyen zye ouvè sou Lenine  Wthenice ALTIDOR paske li gen anpil avni epi li kapab vini gwo moun nan peyi a si li jwen n tout ankadremen ke li dwe jwen n .

Map presize ke 2 lot elev ki vini jis apre yo se :Vilsaint sarakadra ki fe 1418 pwen ,mwayenn 8,86 ,elev lekol L’Excellence de Marchand Dessalines epi Manasse Mannoela li men m ki totalize 1408 pwen,mwayenn  8,80,elev de l’ecole  Jean Baptiste Pointe  du Sable de St Marc.

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH