Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 22 Jiye 2025
29e Edition de koze KOZE TIMOUN
Zanmi lektè,se chak jou TIMOUN yo ap fè aktyalite nan vi nasyonal la ki kouwone pa tout kalite istwa kote yon n parèt swa pi tris pase yon lòt oubyen plis amizant pase yon lòt.
Lè yon manman touye pwòp pitit li anba kout kouto,nan ki kategori distwa wap klase sa?
Manman sa ki touye pitit li ak kout kouto a,dram sa pase nan depatman Nò peyi a,espesyalman nan katye Moren paske li vi n konnen ke pitit gason li a ki genyen 17 tan se yon omoseksyèl ,sa vle di masisi.
OECH/DWA TIMOUN kondane zak baba sa paske Labib,nan Ekzòd 20 :13 ak atik 6 nan Convention Relative des Droits de l’enfant protégé dwa a lavi ke TIMOUN yo genyen .
Konparativman ak sa anpil mou nap di ke TIMOUN nan lib nan kesyon oryentasyon seksyèl li .Sa se fo e achifo,paske pa gen pyès paran serye kap aksepte devyans nan oryentasyon seksyèl pitit li.Mete sou sa,Labib kondane LA SODOMNISATION ,nan Genez 18 ak 19.
Pou fini,OECH toujou di nou ,chè paran :pran responsablite nou’’.Jan pwovèb kreyòl la di a : ‘’se pa lè kabrit fi n pase pou nap kriye femen barye’’.Petèt,si paran sa te pran responsablite,li tap kontwole antre soti TIMOUN nan ak tout konpòteman l,se pa a 17 tan li ta pral dekouvri ke TIMOUN nan masisi jiskaske li pral aji ak emosyon pou l touye TIMOUN nan ak kout kouto.De tout fason,OECH/DWA TIMOUN mande pou Lajistis sevi kont manman an pandanyap ba li tout akonpagneman psikolojik posib.
Mèsi.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.