Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 14 Jiye 2025

28e Edition de KOZE TIMOUN

         Byenvini zanmi lektè nan 28e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

         ‘‘LANCEMENT DE LA 17e EDITION DU PROGRAMME ‘’METYE GRATIS POU TIMOUN YO ’’, se sijè tris entèresan sa nap devlope jodi a.

Lendi ki te 7 Jiyè 2025 la,l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH)/DWA TIMOUN ,te lanse 17e edisyon PWOGRAM  METYE  GRATIS POU TIMOUN YO  vya le Centre de Formation Professionnelle des Enfants des Gonaives (CEFOPEG) ki se lekòl pwofesyonèl.

Nan seremoni lansman an,TIMOUN ak jèn ki te prezan yo pat manke  exprime kontantman yo pwiske avek ‘’PWOGRAM METYE GRATIS POU TIMOUN YO’’  yap jwen n chans pou yo apran n anpil bagay tankou : CARRELAGE, TECHNIQUE WINDOWS,CHARBON ECOLOGIQUE, CALLIGRAPHIE, SERIGRAPHIE,TECHNIQUE D’ANIMATION RADIO,DECORATION,VIDEOGRAPHIE,CROCHET,CUISINE,COUPE-COUTURE . .  . etc

L’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH)/DWA TIMOUN ap fè tout sa yon fason pou l ka mache avek objektif li ki se :BAY TIMOUN YO ANKADREMAN.Anplis de CEFOPEG ki se lekòl pwofesyonèl la,Institution Mixte Abcèste DACEUS (IMADGO) lekòl klasik la ap louvri pòt li mwa Septanb 2025 la pou pote yon diplis nsn fòmasyon akademik TIMOUN yo epi pou soulage paran yo  ak pri lekol la.

 DA,      Mèsi.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

         Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.