Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 28 Jiye 2025
30e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 30e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
‘‘VACANCES D’ETE 2025 ’’, tel est donc le sujet a developpe aujourd’hui.
Chè paran,zanmi lektè ,lè nap pale de ‘’VACANCES D’ETE’’,generalman nou di ‘’GRAN VAKANS’’,se yon fason pou pale de pi long peryòd kote TIMOUN chita lakay yo san ale lekòl.
‘’VACANCES D ‘ETE’’,oubyen ‘’GRAN VAKANS’’,se yon n nan peryòd ke TIMOUN plis renmen paske se moman kote yo plis relakse yo oubyen amize yo nan òganize joune,al benyen nan la rivyè,nan pisin oubyen nan plaj,chanpyona vakans,sitou tikan,pou timedam yo men m se sitou gwoup de dans oubyen teyat.Malerezman,akoz ensekirite a anbyans sa yo diminye konsiderableman.
Malgre tou,OECH/DWA TIMOUN ap mande paran yo pou gen kontwòl antre/soti TIMOUN yo pou yo pa pran gòl ak men paske ‘’GRAN VAKANS’’ kon n’’GRAN VAKANS’’ nan tout sans e men m bay vakans 9 mwa.kreyòl pale,kreyòl konpran n.
Se pa sa selman, ‘’VACANCES D ‘ETE’’,oubyen ‘’GRAN VAKANS’’ se moman tou pou TIMOUN yo pwofite anpran n kek metye manyèl,se ki fè chak ‘’VACANCES D ‘ETE’’,oubyen ‘’GRAN VAKANS’’ OECH lanse pwogram ‘’METYE GRATIS POU TIMOUN YO’’ gras ak Centre de Formation Professionnelle des Enfants des Gonaives (CEFOPEG ) kap mete ‘’BAGAY NAN TÈT TIMOUN YO POU YO KA GEN LAJAN NAN PÒCH YO’’.
CEFOPEG twouve li nan nimewo 90, ang ryèl Lajwa ak Estè /Asifa nan biwo OECH la,nan men m loka lak l’Eglise Ev.la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives,e svp wap ka tou enskri TIMOUN nan IMADGO soti nan Preskolè pou rive nan premye sik Fondamental sitou jan noud il déjà lekòl la pa chè :pou Preskolè a wap peye selman 4000 mil dola pou tout ane a an 3 vèsman epi pou Fondamantal la men m se selman 3000 mil dola an 3 vèsman ,mete sou sa yap ba w inifòm.
Mèsi.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.