Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media Réligion

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 16/02/2026

7e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 7e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,prepere et prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu)
‘’ VENTE SINATURE DU LIVRE ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’ A ENNERY’’, se sijè sa nap devlope jodi a.
Chè lektè,,jan sa te anonse a ,efektivman VANT SIYATI liv ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’ te fét nan komin Enri Dimanch ki te 15 Fevriye 2026 la,espesyalman nan legliz Konvasyon Batis la kote Pastè Ludner CHARDICHON ap dirije.Pastè,lidè,pwofesè lekól ,fidèl legliz ak tout lót moun nan tout kouch sosyal ki te prezan nan VANT SIYATI liv la te eksprime satisfaksyon yo pou fason dokiman sa prezante .Prezidan Lig Pastè Enri a ,Pastè Belfont JEAN BAPTISTE avèk tout vis prezidan te prezan .Menm jan sa te fèt Plèzans ,Koridon ak anpil lót kote,responsab Pwojè HA-718 la nan Enri te achte plizyè liv pou TIMOUN yo nan Pwojè a.
Nan Enri ,se te yon lót bagay. VANT SIYATI liv ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’ te fèt nan yon okazyon espesyal.Chak 3e Dimanch yo dekrete li ‘’DIMANCH FANMI ‘’ nan Premyè legliz Konvansyon Batis Enri a ,e se mwen menm Pasteur Dufeu ki te oratè prensipal la pou m te prezante konferans sou sijè sa ki se :’’ COMMENT CONCILIER LE DEVOIR DE L’ENFANT ET LA RESPONSABILITE DES PARENTS ?’’.Se te nan yon anbyans konsa VANT SIYATI liv ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’ te fèt nan Enri.
Lót vil yo pran ti pasyan , liv ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’ ap rive sou nou.
Mèsi !
Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
1- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
2- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
3- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
4- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
5- St Michel :Radio Salem
6- Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
7- Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
8- Enri :Biwo Pwojè HA-718