Droits de l'Enfant Information Koze Timoun Media Santé

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 23/02/2026

8e Edition de KOZE TIOUN

        Byenvini zanmi lektè nan 8e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.

       Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .

      Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.

’ ESKE TIMOUN YO MERITE SA ?  ’’, se kesyon sa nap poze  jodi a.

Zani lektè,nan denye jou sa yo, Lagonav vi n transfóme an yon veritab sèn teyatral kote didaskali ak entrig yo voye espektatè yo direkteman sou règ literati dramatik yo pou analize antre ak soti pèsonaj yo .

Tout je tonbe sou zile Lagonav paske sa kap pase yo choke moun anpil,lè se pa dosye mistik moun ap obsève gwo lajounen,se dosye avèk yon atwosite atwós.Tout bagay sa yo dirije kont (vè) TIMOUN yo.Se sa ki fè OECH/DWA TIMOUN ap mande eske vrèman TIMOUN yo merite sa ?

Nan Ansagalè (Anse-á-Galet) sitou nan yon  zón ki rele  Kafou Dèl,Mèkredi ki te 18 Fevriye 2026 la,gen yon manman ki leve ale nan mache,li kite 2 TIMOUN nan yon kay .Lè li retounen ,li pa wè TIMOUN yo.Yo fè tout rès jounen an ap chache,yo pa wè TIMOUN yo.Se nan  demen Jedi 19 yo jwenn kó san vi TIMOUN yo ,sa vle di yo jwenn tou 2 TIMOUN yo tou mouri pa twó lyen lakay yo.

Vis Delege a,Mesye Ednel DESIR ak yo jij te rive nan lye dram nan yo ,te ka konstate,Wislandia (7-8 tan) ak tout Wisberlanchise (5-6 zan) te sibi move tretman anvan yo mouri.Quel crime ?Quelle atrocite ?

Devan krim san parèy sa,OECH/DWA TIMOUN ap mande jistis pou 2 fiyèt sa yo.Fók Lajistis fouke otè ak kowotè krim sa prese prese epi dedomaje fanmi Wislandia (7-8 tan) ak tout Wisberlanchise (5-6 zan).

Mèsi !

Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.

Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :

  • Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
  • Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
  • Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
  • Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
  • St Michel :Radio Salem
  • Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
  • Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
  • Enri :Biwo Pwojè HA-718