Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 02/03/2026
9e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 8e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.
‘’ TIMOUN AP FÈ TIMOUN ’’, se sijè sa nap devlope jodi a.
Zanmi lektè,nap viv yon fenomèn fenomenal nan peyi Dayiti pandan denye jou sa yo, sitou nan site Nissage Saget a,vil Sen Mak.Se yon bagay ki bay gwo tèt chage epi ki pouse anpil moun ap poze anpil kesyon sou fenomèn sa.
Nan yon denye resansman ki fèt nan vil Sen Mak sou TIMOUN piti kap fè pitit.Resansman sa revele en 72 TIMOUN ki akouche nan yon lopital nan vil Sen Mak pandan 3 denye wa sa yo.
Daprè kèk enfómasyon nou ka fè konfyans,TIMOUN sa yo tonbe ansent pou moun moun ki genyen 40,50 e menm granmoun ki genyen jiska 60 tan epi majorite nan yon se mesye marye.Sa se yo katastwóf.
Devan katastwóf katastwofik sa,eske nou ka oze fèmen ze sou sa paran yo genyen kom responsablite?OECH/DWA TIMOUN di non,paske lè yon TIMOUN 12-13 zan tonbe ansent,se pa gen pou wè sèlman ak imoralite,men se tou yon pwoblèm santé piblik.
Nan sans sa,OECH/DWA TIMOUN ap sonnen sonèt dalam nan pou mande paran yo pou asime responsablite yo epi mande ak lajistis pou yo plis mete an aplikasyon lwa sou detounan mine ak vyolans seksyèl sou mine.
Mèsi !
Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
- St Michel :Radio Salem
- Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
- Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
- Enri :Biwo Pwojè HA-718