Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 16/03/2026
11e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 8e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.
’’DANJE KI MENASE TIMOUN YO NAN BANN RARA’’.se sije sa nap devlope jodi a.
Zanmi lektè,chè paran ,TIMOUN yo toujou ekpoze chak jou a tout kalite danje ak menas,kote yon n parêt pi menasan pase lót.
Peryód rara yo,se yonn nan peryód kote lavi TIMOUN yo plis an danje oubyen plis menase.Non sêlman gen paran ki kontante yo ale nan rara ak TIMOUN yo,men tou gen TIMOUN ki konn deside ale nan rara pou kont yo,anpil fwa yo twonpe vijilans paran yo,e sa valab menm pou ki legliz ak paran yo.Se sa ki fê,paran yo plis vijilan,pridan e menm montre yo plis responsab.
Anpli fwa nou gen ti memwa kout,sa vle nou bliye fasil.Banm fê nou sonje trajedi sa ki te rive nan Gonayv,sitou nan lokalite Dolan jou ki te 12 Mas 2017 la.Yon machin ki te pêdi fren epi li antre sou yon bann rara.Te genyen preske 40 moun ki te mouri san kote kantite ki te blese e ki jodi a ap viv ak yon paralizi.Pami yo,te genyen plizyê TIMOUN ki te rive pêdi lavi yo nan dram sa .
Chê paran,mesye/dam lasosyete,eske yon TIMOUN oblije pase tout yon jounen e menm yon nwit nan danse rara ?Mwen pap fê yon deba sou plan religye,menm sou plan sosyal ak moral,eske se posib ?Eske paran an gen kontwól TIMOUN nan menm si paran an ta nan bann rarar a tou ?Nan anbyans kote paran an ap leve rad pou l danse,nan fason yap danse,ki leson moral paran sa yo ka inkilke TIMOUN yo ?
Non sêlman TIMOUN yo konn rive pêdi lavi yo nan rara,men yo konn rive vyole yo,se peryód sa yo TIMOUN konn fê premyê eksperyans seksyêl yo,gen lót pandan peryód rara a yo genyen yon vi seksyêl aktiv,gen nan yo ki konn rive tonbe ansent e menm rive mouri aprê paske yo konn tande fê dilatasyon oubyen chache jete pitit la,e menm anpil tijên ki legliz ak paran yo konn pa ekzan de ka sa yo.
Pandan peryód rara sa,OECH/DWA TIMOUN,kóm avangadis ap sonnen sonêt dalam nan pou mande paran yo pou asime responsablite yo pou ekzante TIMOUN yo anba danje sa yo.Jan TIMOUN nan abiye li soti a,nan lê byen ta lap vinn frape pót la pou l antre a,pou w ta panse TIMOUN sa kenbe vijinite li,li pa nan relasyon seksyêl ?Ou tap ri m !
Se pou moun ki gen zorêy pou tande,tande,na ban m nouvêl la mwa Novanb/Desanb
Mèsi !
Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
- St Michel :Radio Salem
- Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
- Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
- Enri :Biwo Pwojè HA-718