Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 24/03/2026
12e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 12e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.
Zanmi lektè,kom nou konnen déjà,depi se bagay ki konsene TIMOUN nenpót kote nan mond la,otomatikman li konsène OECH/DWA TIMOUN .Se nan optik sa,OECH/DWA TIMOUN ap pote reyalite TIMOUN ki nan peyi Iran ban ou,sitou pandan peryód lagè sa.
Chè entènot,genyen yon gwo bouch pa gou ki deklenche nan Mwayenoryan ,sa kómanse boulvèse mond la,e gen anpil kesyon kap poze pou mande eske sa pap debouche sou 3e gè mondyal la ?Yon lót kote,teyologyen ki li nan lét fen yo,bó kote pa yo yo bagay sa ta sanble tét koupe ak sa ki predi selon evénman apokapipsis yo.
Bagay sa kómanse depi nan premye frap Etazini ak Izryél fé sou Iran 28 Fevriye 2026 la.Sa vi n Iran ak alye li yo mete yo sou brenzeng yo pou frape tou,sa vi n fé gen viktim nan tou 2 kan yo.Si AFP pa an mezi pou ta bay chif,genyen Human Rights ,yon ONG ki baze nan Etazini ki resense li menm depi 18 Mas 2026 pase a anviwon 3134 mó nan mwayenoryan e sa ki pi mal la ,yo revele gen anviwon 207 TIMOUN ki déjà pédi lavi yo.Eske TIMOUN yo merite sa,Ki sa TIMOUN yo lakoz ?Eske pa gen posiblite pou epagne TIMOUN yo kap tonbe tankou se mango mi van a plage até ?Se tout kesyon sa yo ak anpil lót OECH/DWA TIMOUN ap poze.
Devan trajedi melanje ak katastwóf katastwofik sa,OECH/DWA TIMOUN leve 2 men li anlé byen dwat pou mande gras pou TIMOUN yo paske TIMOUN yo gen dwa pou yo viv.
Mèsi !
Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
- St Michel :Radio Salem
- Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
- Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
- Enri :Biwo Pwojè HA-718