Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 30/03/206
13e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 13e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.
‘’’LE PHENOMENEN DES DEPLACES INTERNES ET LES ENFANTS’’ ,se sijé sa nap devlope jodi a.
Zanmi lekté,jounen jodi a,deplase entèn yo vi n tounen yon fenomèn fenomenal ,e men m TIMOUN yo pa epagne,okontrè,TIMOUN yo sibi konsekans la plis pase tout lót kategori nan sosyete a.
Ki sa yo rele deplase entèn (deplaces internes) ?Tèm sa vle di : ‘’moun vyolans,konfli,katastwóf oubyen kek lót bagay ekzije yo kite kay yo ak tout sa yo te posede pou ale viv nan yon lót kote nan menm peyi orijin yo’’.Nou ka di tou senpleman se moun yo fose kite kay yo /katye yo pou yoale abite nan lót katye nan menm vil la oubyen nan yo lót vil nan menm peyi a.
Depi nan ane 2024 la Ayiti ap fè fas ak fenomèn sa ofisyèlman ak yon chif vrèman enkalkilab ki deplase plisye milye e men m milyon.Fenomèn deplase entèn yo gen gwo konsekans negativ sou TIMOUN nan tout sansak yon chif ekstrèmeman elve.
Selman pou depatman Latibonit,genyen anviwon 28 sit ki genyen plizyè milye TIMOUN nan laj soti 5 a 15 zan.Kondisyon pa apwopriye sitou pou TIMOUN yo.TIMOUN yo ap sibi tout tretman ki pa sanble ak tretman moun.Non selman yo vyole yo,kote gen anpil nan ki rive ansent,men tou kondisyon sanitè yo pa respekte.Daprè sous OECH/DWA TIMOUN ka fè konfyans,men kek nan sendrom ki atake TIMOUN yo ki nan sit deplase yo :dyare akez,dyare sangla,vomisman,lezyon kutane,sekresyon urino genital,gal,lafyèv,góg fè mal ak anpil lót ankó.
Nan sans sa,OECH/DWA TIMOUN ap mande ak otorite yo pou voye je sitou gate TIMOUN ki nan kan deplase yo pou pita pa pi tris.
Mèsi !
Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
- St Michel :Radio Salem
- Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
- Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
- Enri :Biwo Pwojè HA-718