Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 06/04/2026

14e Edition de KOZE TIMOUN

          Byenvini zanmi lektè nan 14e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .

Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.

’’PARENTS RESPONSABLES’’  se sije sa nap devlope jodi a.

Mesye/dam,tém ‘’PARENTS RESPONSABLES’’ la aplike pou tout paran ki gen volonte ak kapasite pou respekte dwa ak devwa TIMOUN yo epi satisfé bezwen yo,sitou bezwen fisik,efektif ak sikolojik TIMOUN yo.

Moun ki plis pesimis yo ka poze kesyon: men jan sosyete a ap efondre la,eske gen ‘’PARENTS RESPONSIBLES’’ toujou?Ebyen nan OECH/DWA TIMOUN nap reponn pou nou wi genyen,menm si y opa anpl.Nou konsyan ti ponyen ki genyen an nou ka konte l sou dwét nou.Bib la pale de yon ‘’’faible reste’’’nan ……Ekspresyon ‘’faible reste’’’ ka aplike  nan  kontéks ‘’PARENT SRESPONSABLES’’.Se sa ki fé OECH/DWA TIMOUN pap bese les bras,lap kontinye travay jiskaske gen plis paran ki wé nesesite pou yo asime e asime responsablite yo anvé TIMOUN yo nan tout sans.

OECH/DWA TIMOUN ap pataje avék ou temwanyaj yon ‘PARENT RESPONSABLE’’’,sa pase nan Sen Michel de Latalay.Gen yon jén ti demwazél ki nan lekól nan bouk Sen Michel.Lap viv  selman ak manman li,paske papa l pa Ayiti.Papa a fé efó li peye tout ane lekól la davans.Papa a ki se yo dyaspora,li debake nan kay la san li pat avéti pésón li tap antre.Pa mande m poukisa se konsa mesye a fé l ,menm madanm lan pa konnen si lap antre ?Gen moun ki di kay nég la se pa l,li antre lé li vle.Nou fémen deba sa,paske se pa sa ki entérese nou nan OECH/DWA TIMOUN.

Kóm anpil fwa gen kék manman,nan tolerans yo,yo pa kontwole TIMOUN yo,men papa a kóm paran responsab,li wé tout elév pra l konpose ,elév li pa ale.Li poze ti demwazél la kesyon,li reponn pou di ‘’’li déjà fin konpoze’’. Pandan papa a ap pase devan lekól la,li wé elév lekól la nan ekzamen.Li antre nan direksyon an,lé li fin pale ak direkté a ki konfime li se tout elév yo ki nan ekzamen,li voye chache ti demwazél la,li mete nan lavi li,devan direkté a ak lòt elév yo ki tap asiste kòman sén nan tap pase.Bravo papa,cher ‘’PARENT RESPONSABLE’’.

Direkté pedagojik  lekól la te montre li responsab tou,paske lé elév la vini lekól la pou l fé ekzamen yo,direkté a se pa elév la ki pou deside ki lé pou l vi n fé ekzamen an,direkté a te fé elév la retounen lakay epi di l se direksyon kap rele l li pou li vi n fé ekzamen an.Ak tout bagay sa yo ki rive elév sa,mwen garanti nou,elév sa korije pou lavi,sitou si li destine pou l fé bon moun nan sosyete a.

Mwen rive jwenn temwanyaj sa Lendi 30 Mas 2026 la,pandan mwen tap soti St Michel.Mwen bat bravo pou paran sa ak direkté pedagojik la ki tap pale avek mwen .Temwanyaj sa ranfóse konviksyon OECH/DWA TIMOUN pou l kontinye fé travay lap fé a,paske gen ‘’PARENTS RESPONSABLES ‘’ toujou,menm si yo pa anpil.

Felisitasyon Sen Michel de Latalay,kenbe la,pa lage e OECH/DWA TIMOUN ap mande pou tout paran swiv ekzanp ‘’PARENT REPONSABLE’’ sa.

Mèsi !

Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH

       Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.

Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :

  • Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
  • Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
  • Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
  • Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
  • St Michel :Radio Salem
  • Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
  • Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
  • Enri :Biwo Pwojè HA-718