Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 13/04/2026
‘’’ENTRE LE CLITORIS ET LE SEIN DES ADOLESCENTES’’ tel est le sujet a developpe aujourd’hui.
Zanmi konpatriyót mwen yo,nan denye jou sa yo,nou konstate genyen yon imaj kap ’’ tourner en boucle ‘’ sou tout resososyo yo.Nan yon pwogram kote jen gason ap pouyen sen/tete ti medam yo tankou se lè granmoun yo te konn ap fè konfiti chadèk lontan,lè yo fin tranpe chè chadèk la,yap peze l pou dlo a tonbe.Nan pwogram sa,se tete ti medam yo ki tounen tikè pou yo antre.Efektivman,ti medam yo livre tete yo san pyès difikilte pou mesye yo tótót tete yo devan kamera san yo pa santi yo jenyen.Quelle honte ?Quelle immoralite ?OECH/DWA TIMOUN denonse salte sosyal sa epi mande :paran yo,lajistis ak asosyasyon fanm yo pou souke kó yo,si se pat la tout bon vre yo te vle mennen sosyete a avek nouvèl teyori : ‘’kó fanm nan se pa l ,li ka fè sa l vle avè l.li ka abiye jan l vle’’.OECH/DWA TIMOUN kom avangadis ap di ‘’HAKLTE –LA’’ !
Sen (seins) oubyen tete ti medam yo,konsidere kom zón erojèn segondè.Menm jan ak klitoris la ,li pwovoke eksitasyon seksyèl.Li ka libere sa seksyológ yo rele ositosin (ocytocine).Imajine nou,lè depi nan pótay la yo kómanse ponyen tete ti medam yo,ki sa ki pral pase andedan ?Sitou,anpil nan deja konnen pou piti yon eksperyans seksyèl,san konte yon majorite ,malgre laj yo,yo déjà trè aktif seksyèlman.Map mande nou al regade video yo ki an boucle sou reso yo pou nou jès ti medam yo pandan yap fè yo sa.
Ti mesye sa yo sanble pa manje anyen frèt paske nou wè menm granmoun kannay la pa epagne.Se menm bagay avèk jan moun yo ap leve rad epi fè tou jès nou sot wè yo nan rara,epi se sa yo yap vann nou kóm kilti.Ki donk pa gen pyès leson moral ki ka bay vre ak TIMOUN yo.
OECH/DWA TIMOUN endiye epi denonse bagay sa yo kap pwodwi nan sosyete a.Chimen bouton se chimen maleng,se sa ki fè OECH/DWA TIMOUN,nan dwa derega Leta Ayisyen ba li sou sosyete a,sitou sou TIMOUN yo, ap mande paran yo,mouvman fanm yo,otorite ,si pa la yo te vle menmen TIMOUN yo,pou yo pran responsablite yo pou pita pa pi tris,paske tete ti medam yo pa dwe sèvi kóm tikè pou yo antre nan pwogram.
Abon entendeur,salut !
Mèsi !
Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
- St Michel :Radio Salem
- Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
- Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
- Enri :Biwo Pwojè HA-718