Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 02/02/2026
5e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 5e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,prepere et prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu) chak Lundi ak Vendredi 9h15 nan aswè sou Radio Vision 2000 (98.1) rezo Latibonit la ak sou Chanèl Youtube epi sou paj FB l’OECH la ak sou sit Web de l’OECH ki se www.oech.org ,ak sou anpil lòt Radyo.
‘’ TIMOUN AK TABLÈT SE LÈT AK SITWON’’, se sijè sa nap devlope jodi a.
Zanmi lektè, anpil fwa nou konn pa kontwole aksyon nou yo,sa vle di sa nap fè.Nou kon n aji par infliyans , sa vle di nou wè yon moun fè yon bagay epi nou fèl tou,nou konn aji tou par ignorans,sa vle di nou fè yon bagay san nou pa konnen ki sa lap bay kóm rezilta oubyen kóm konsekans.Se sa ki fè,nou konn peye pri ignorans la byen chè oubyen enfliyans an la ,sitou lè se yon movèz enfliyans,li konn fatal pou nou.
Map pale de paran kap bay TIMOUN yo tablèt pou jwe,san yo pa reflechi ki dega tablèt la ap fè sou TIMOUN nan.Gen moun,tren de vi li pa pèmèt li ta achte tablèt bay TIMOUN nan,men pou fè moun wè pitit li gen tablèt,li fè yon eksè pou l achte tablèt ,tandiske li te ka itilize kób sa pou l fè yon bagay ki tap plis itil TIMOUN nan,men enfliyans ak grandizè e menm foli fè li tonbe nan tablèt pou frailize lavi TIMOUN yo.Gen lót moun tou ki gen mwayen ,men ignorans rann yo frajilize lavi TIMOUN yo,paske pawól Bondye a di,e maprepete :’QUI AUGMENTE SA SCIENCE ,AUGMENTE SA PEINE’’ (Eccl1 :18)
Nou menm nan OECH/DWA TIMOUN,nap lanse yon SOS pou nou alète paran yo sou dange tablèt la ka fè sou TIMOUN yo, paske ekspè yo revele,de manyè general ekran gen konsekans nefas sou TIMOUN yo.sitou lè yo poko gen 5 kan
Men kèk nan konsekans grav oubyen risk tablèt ak ekran an general genyen sou sante fizik TIMOUN yo:li anpeche yon dómi,li fè efè sou je TIMOUN nan,li diminye konplètman atansyon ak devlopman TIMOUN nan.Anplis de sa,yo dekouvri tablèt la dekonekte TIMOUN nan ,li plis konsantre sou li,TIMOUN nan vin preske pa devlope afeksyon menm pou paran li
Genyen la Societe Canadienne de Pediatre (SCP) ki fè rekómandasyon sa :si yon paran vle bay TIMOUN li tablèt ,sitou apati de 5 kan,TIMOUN nan ta dwe genyen selman 30 a 60 minit par jou pou l ta jwe avèk tablèt la,men fók inèdtan anvan TIMOUN nan al dómi yo retire tablèt la nan men li.
Se pou moun ki gen zórèy pou tande,tan !
A swiv!
Pa bliye retire liv lekól dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’..
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminbth
- St Michel :Radio Salem
- Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
- Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH