Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 26/01/2026
4e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 4e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,prepere et prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu) chak Lundi ak Vendredi 9h15 nan aswè sou Radio Vision 2000 (98.1) rezo Latibonit la ak sou Chanèl Youtube epi sou paj FB l’OECH la ak sou sit Web de l’OECH ki se www.oech.org ,ak sou anpil lòt Radyo.
‘’ ESKE YO KA ARETE YON TIMOUN LEKÒL AK INIFÒM SOU LI ?’’, se sijè sa nap devlope jodi a.
Zanmi lektè, anvan menm nou antre nan sijè a ,kite m di nou te gen VANT SIYATI liv ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’ nan komin Anse-Rouge,sitou nan 2e seksyon koridon ,nan legliz Batis Konsèvatris la,Pastè,lidè,pwofesè lekól ak tout lót moun nan tout kouch sosyal kite prezan nan VANT SIYATI liv la te eksprime satisfaksyon pou fason dokiman sa prezante ,sitou kontni liv la ,kap kontribye nan devlopman TIMOUN yo nan plizyè domèn.Fók nou pwofite salye Mèt Pierre Richard,reprezante PRECA nan komin nan ki te fasilite VANT SIYATI liv ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’ nan komin Anse-Rouge,sitou nan 2e seksyon koridon,nan legliz Batis Konsèvatris la..Aprè Gonayv,Plezans,St Michel,Gwomón,Pódepè,Wanamèt, kounye a moun Ams-Wouj ap jwenn ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’ nan biwo HA-0721 nan Koridon.Tout lót kote nan peyi a rete tan n ,liv ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’ ap rive sou nou.
An nou retounen nan sijè a : ‘’ ESKE YO KA ARETE YON TIMOUN LEKÒL AK INIFÒM SOU LI ?’’.Repons la se non e wi,men sa depan de gravite flagrans la,men kelkeswa gravite flagrans la,gen yon fason pou trete viktim nan,sitou si se yon minè.Lè sa,yap fè yon abeyas kópous (HABEAS CORPUS) pou libere viktim nan.Atik 24,25,26,27 manman Lwa peyi a ak atik 791,792 Kód enstriksyon kriminèl la di kóman pou sa fèt.Sou track sa,mwen sasye Me.Ernest AMBEAU,avoka nan Bawo Gonayv la ki se Responsab Jiridik OECH.
Chè zami lektè,chè entènot,chè paran,gen yon ka konsa ki pase nan Mól Sennikola, 3e seksyon an,yon ti elèv ki nan klas li,jij la voye chache li epi mete li nan gad avi ki nan sou komisarya Mawouj la,daprè tout enfómasyon ki rive jwenn nou nan OECH/DWA TIMOUN.
Genyen plizyè vèsyon ki bay sou dosye sa,men OECH/DWA TIMOUN ap mande prese prese pou responsab komisarya Mawouj la ak BDS la akonpanye de lajistis pou fè limyè sou sou dosye sa.
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,
- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminbth
- St Michel :Radio Salem
- PortdePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
- Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH