Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 08/06/2026

22e Edition de KOZE TIMOUN

        ‘’UN CONCOURS BIBLICO-INTELLECTUEL  HORS PAIR ’’, se  sijè sa nap devlope jodi a

Zanmi lektè,nan lide pou ede TIMOUN yo devlope kapasite biblik ak entèlektyèl yo, l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH/DWA TIMOUN) òganize yon gwo  KONKOU  avek patisipasyon  plizyè dizèn TIMOUN nan vil Gonayv pou prepare 25e Kongrè  li nan okazyon JOUNEN NASYONAL TIMOUN yo.

Avèk sousi pou valorize lang kreyòl la,sitou pou pote soutyen li bay AKA,ki se Akademi Kreyòl Ayisyem an,OECH/DWA TIMOUN òganize KONKOUN a an Kreyòl.Sitou nou konnen Bib Kreyòl la,espesyalman vèsyon SBH 1991 la respekte nòm AKA yo.Gen yonn nan seri kesyon yo,sitou se kesyon ki sou plis pwen an , konsiy nan  di:’’EKRI JAN LI YE NAN BIB LA ,SAN RETIRE SAN METE’’.Nan kesyon sa,TIMOUN nan ap non sèlman respekte òtograf mo yo,men tou repekte siy ponktiyasyon yo nan plas yo.Pa bliye TIMOUN nan pa gen Bib la ouvè devan l.Se grosè travay sa OECH/DWA TIMOUN ap fè.

Chè lektè,OECH/DWA TIMOUN bay nou tout randevou Dimanch 14 Jen an a 4h30 PM nan Alyans Fransèz vil Gonayv la pou 25e kongrè TIMOUN yo nan okazyon JOUNEN NASYONAL TIMOUN YO anba tèm :’’ENFANTS D’AUJOURD’HUI,LEADER EN DEVENIR’’ ,ki marande ak tèm nasyonal la ki se : ‘’SOLIDARITE,RESPONSABLITE,AKSYON POU TIMOUN KANPE DJANM,POTE DIYITE AK ESPWA POU DEMEN’’. Nan jou sa,non sèlman ap gen gwo final la kap mete fas a fas l’Eglise Evangelique ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives ak l’Eglise Union des Saints de K-Georges,ap genyen tou konferans/deba avèk 3 gwo konferansye kap sou panel la tankou : Mme Vanette Denis Aurelien,pou sekté Edikatif la,Pastè Fritzner JEAN BAPTISTE pou sekté Evangelik la epi ansyen Batonye Me Jaccene JACQUES pou sektè Jiridik la.

Dimanch 14 Jen 2026,OECH/DWA TIMOUN di nou pa gen dwa rate gwo gabay sa kap fèt nan Alyans Fransèz la pou make fèt TIMOUN yo nan vil Gonaiv.Sak pa ka prezan yo,nou prale sou FB sou paj Radio Tele ‘’PORTE DU CIEL’’ oubyen sou paj Pasteur Dufeu a pou w kontekte avèk nou.

Mèsi !

Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.

Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :

  • Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
  • Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
  • Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
  • Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
  • St Michel :Radio Salem
  • Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
  • Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
  • Enri :Biwo Pwojè HA-718