Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media Santé

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 25/05/2026

21e Edition de KOZE TIMOUN

         Byenvini zanmi lektè nan 21e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .

        Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.

’TIMOUN YO VIKTIM TWÒP’’  ,se sijè trajik sa nap devlope Jodi a.

Zanmi lektè,anvan mwen devlope  sijè sa ,ban m pataje rezilta match 4e jounen  14e edisyon  konkou bliblik pou TIMOUN yo ke OECH/DWA TIMOUN òganize pou prepare 25e kongrè TIMOUN yo :

Samdi ki te 23 Me a, l’Eglise EMI  te resevwa l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives la lakay li,e match sa  te fini sou yon eskò  (score) 205/185 an favè EMI.

Nan Dimanch 24 Me, ekip OECH la ta pral pèdi an deplasman 85/170 anfas l’Eglise Union des saints .

Pou 5e jounen an Dimanch kap 31 Me :ekip OECH la ap resevwa legliz Batis Twousab la epi  l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives ap jwe denye match li kont l’Eglise Union des saints.Kòman sa ap ye ?Rete branche.

An nou retounen nan sijè a : ‘’TIMOUN YO VIKTIM TWÒP’’ 

Zanmi mwen yo, generalman,yo toujou konsidere TIMOUN kòm senbòl dinosans,men tewori sa genlè pa kenbe pou peyi Dayiti,pou sa nou wè kap pase devan je nou,pou jan TIMOUN yo ap sibi atwosite nan peyi Dayiti,nap mande eske se pa sèlman nan peyi Dayiti li konsa ?

Nan mwa Me 2026 la,TIMOUN yo te sib bandi ame yo ankò,kote bandi touye anviwon 7 TIMOUN sèlman nan zòn metwopolitèn nan ,se te sitou nan lanwit 10 pou leve 11 Me 2026 la.Kèl tragedi ?OECH/DWA TIMOUN eeksprime

Evènman treajik sa rive nan moman kote  bandi yo tap atake yon n lòt.Pwiske Leta peyi a tonbe an degraba,TIMOUN yo vi n ap peye konsekans la.Non sèlman yap viv nan kan,yo paka ale lekòl,lè yo malad yo pa jwenn ti moso  laswenyaj,sa ki pi mal la yap sibi tout kalite vyolans jiskaske yo kap krible yo anba bal.

OECH/DWA TIMOUN di se twòp atò,fòk otorite yo ka fè prèv yo se otorite,paske TIMOUN yo viktim twòp nan peyi Dayiti.

Mèsi !

Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.

Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :

  • Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
  • Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
  • Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
  • Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
  • St Michel :Radio Salem
  • Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
  • Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
  • Enri :Biwo Pwojè HA-718