Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 18?05/2026
20e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 20e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.
‘’LE BICOLORE HAITIEN’’ ,se de DRAPO nap pale jodi a.
Zanmi konpatriyòt nou yo, jodi a nou pral pale de FÈT DRAPO,men anvan mwen antre antre nan sijè a ,ban m pataje rezilta match 3e jounen 14e edisyon konkou bliblik pou TIMOUN yo ke OECH/DWA TIMOUN òganize pou prepare 25e kongrè TIMOUN yo :
Premye match kote legliz Union des saints te resevwa l’Eglise Batis TwouSab la fini 200/175 nan favè legliz vizitez la,men 2e match ki te été fas a fas L’Eglise EMI ak OECH te fini sou yon eskò (score) 220/185 an favè EMI.
Samdi 23 Me,l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives ap jwe an deplasman kont EMI epi l’Eglise Baptiste de Trou Sable kont OECH.Kòman rezilta a ap ye ?Rete branche.
An nou retounen nan sijè prencipal : ’LE BICOLORE HAITIEN’’ .’’LE BICOLORE HAITIEN’’ ,se yon lòt fason pou nou pale TIMOUN yo de DRAPO a,paske li genyen 2 koulè,ble ak wouj.Anpil moun ki konnen konfime pou di :’’DRAPO Ayiti a se yonn nan pi bèl koulè drapo ki ekziste nan mond lan.
DRAPO Ayisyen an ‘’ ‘’LE BICOLORE HAITIEN’ ki se senbòl fyète pèp Ayisyen an te kreye nan ane 1803,kote papa nasyon an,Anprè Jan Jak Desalin 9Jean Jacques Dessalines) te tèlman revolte pou mizè blan Fransè yo te konn ap fè nou pase,li te chire blan nan drapo Fransè a,e se te Katrin (Catherine ) Flon ki ta pral koud moso ble a ak moso wouj la ansan avek yon ti moso blan nan mitan ki pye palmis la ak zam peyi Dayiti yo ladann.
Depi apre gwo kongrè Akayè a(Archaie) 18 Me 1803,chak 18 Me pèp Ayisyen fete oubyen komemore FÈT DRAPO a.Lontan,FÈT DRAPO nan peyi Dayiti se te bèl bagay,TIMOUN lekòl ap danse, fè parad nan lari .Jounen jodi a,nap obsève yon sot de desakralizasyon FÈT DRAPO a,menm lekòl yo transfòme parad nan lari yo an yon veritab brase senti,epi se pa nenpòt brase senti non,se brase senti nan kafe.OECH/DWA TIMOUN kòm avangadis ap sone sonèt dalam nan pou di :Halte la ! OECH/DWA TIMOUN ap mande Leta Ayisyen pou l fè travay li,pou l enpeche etablisman eskolè sa yo ak lòt gwoup sosyokiltirèlyo kontinye retire vrè sans ak nabyans parad DRAPO . OECH/DWA TIMOUN di se WONT pou Leta Ayisyen aksepte parad DRAPO a tounen seans brase senti kafe sa nan lari gwo lajounen,kote pa gen pyès paran serye ap kite pitit yo patisipe nan bagay sa..
OECH/DWA TIMOUN ap raple :koulè ble a vle tout pèp Ayisyen ini ansanm epi wouj la vledi se san zansèt yo ki te koule pou nou te gen DRAPO sa.Nan sans sa, OECH/DWA TIMOUN di lè nou fè parad DRAPO a tounen seans brase senti,se boule yap foule san zansèt nou yo anba pye noue pi nou kreye divizyon paske paran serye yo pap kite TIMOUM yo al patisipe nan bagay sa.
Vive notre bicolore,symbole de notre fierte !Vive Haiti ,a tout jamais uni !
Mèsi !
Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
- St Michel :Radio Salem
- Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
- Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
- Enri :Biwo Pwojè HA-718