Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou
Gonayv,le 27/04/2026
17e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 17e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.
‘’TIMOUN YO,YON KRIM ANPLIS ’’ se sijè sa nap devlope jodi a.
Chè konpatriyòt,aksepte mwen kòmanse jodi a vèk enfimyè Kebekwaz (infirmiere Quebecoise) sa ki se Claire BERGERON :‘’Ce qui est essentiel au bonheur des enfants,c’est l’amour et la securite’’.
Lektè mwen yo,lavi a tap vrèman gen sans si tout moun toupatou sou latè t a konsidere 2 eleman sa yo ke Claire BERGERON site la kòm 2 pilye majè nan anviwonnman TIMOUN yo,mwen vle pale de LANMOU ak SEKIRITE pouTIMOUN yo.Si l ta fèt konsa,nou pa tap janm asiste ak sén de krim sa yo,kote TIMOUN yo se prensipal viktim.Sa ki pase Fòlibète a,se yon anplis nan tout sa ki fèt déjà yo.
Nan Vil Fòlibète,chèf lye depatman Nodès,Yo jwenn kò san vi plizyè manb nan yon sèl fanmi nan yon kay jou ki te 2 Avril 2026 la,pami yo 2 TIMOUN ,Esther et Gabriel PIERRE frè ak sè.
Daprè tout enfòmasyon ki rive jwenn nou,kò yo te kòmanse dekonpoze lè yo yo resi ouvè pòt la.Sa ki etone tout moun,yo jwenn sou tap la yon po ki te genyen chokola,sa ki ta pral pouse tout moun konprann se anpwazone yo anpwazone yo.
Yon nan bagay ki plis ap dechire kè nou nan OECH/DWA TIMOUN,sa genyen sèlman kèk jou depi yon te onore 2 TIMOUN yo lekòl kote y oye a paske se mwayen 8 ak 9 yo toujou fè lekòl la.
OECH/DWA TIMOUN ap mande Jistis pou TIMOUN yo pandan lap rezilta ankèt la ,sitou ki kote yo te achte chokola sa.
Nap raple : :‘’Ce qui est essentiel au bonheur des enfants,c’est l’amour et la securite’’ .Cette citation est de Claire Bergeron,enfimyè Kebekwaz .
Mèsi !
Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
- St Michel :Radio Salem
- Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
- Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
- Enri :Biwo Pwojè HA-718