Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 15/06/2026

24e Edition de KOZE TIMOUN

        Byenvini zanmi lektè nan 24e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.

       Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .

       Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.

        ‘’LA GRANDE REALISATION DU 25e  CONGRES ANNUEL DE L’OECH/DWA TIMOUN A L’OCCASION DE LA JOURNEE NATIONALE DES ENFANTS ’’, se sijè pou jodi a.

Zanmi lektè,aksepte mwen kòmanse avèk  Benjamin Kranklin,ansyen Presidan  Etazini epi ekriven ameriken; ‘’Rien ne peut resister a un travail acharne et a la perseverance’’.

Jan Benjamin Frankli di l la,pèseverans ta pral pèmèt OECH/DWA TIMOUN reyalize 25e kongrè TIMOUN yo pou make 25e ane ekzistans li nan ,sitou depi lap akonpagne TIMOUN yo.Se pat san difikilte OECH/DWA TIMOUN te rive reyalize 25e  kongrè TIMOUN yo.

Efektivman,Dimanch 14 Jen an ,se te pito nan oditoryom EPG a aktivite yo te dewoule  pou make JOUNEN NASYONAL TIMOUN yo tankou :konferans deba,show de dans ak final 14e edisyon KONKOU BIBLIK pou TIMOUN,kote l’Eglise Union des Saints ta pral sakre chanpyon sou l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL ‘’ des Gonaives .Se te nan yon anbyans emouvant chaje ak emosyon ekip chanpyòn ak vis chanpyòn nan tap resevwa meday ak twofe yo pandan yo tap exprime satisfaksyon pou gwo travay sa OECH/Dwa TIMOUN ap fè nan peyi a.Nap presize ke jwè y opa tap ka bay rezilta san coach yo,se sa ki fè men m coach te resevwa meday pa yo nan final la.

Diferant pèsonalite ki te pran lapawòl nan okazyon sa pat mete dlo nan bouch yo pou te felisite tout ekip OECH la kap fè yon travay san parèy kote lespwa ap boujounen..

Tèm 25e kongrè anyèl la se : ‘’ENFANTS D’AUJOUR’DHUI ,LEADERS EN DEVENIR’’ ki marande ak tèm nasyonal la ki se : ‘’SOLIDARITE,RESPONSABLITE,AKSYON POU TIMOUN KANPE DJANM,POTE DIYITE AK ESPWA POU DEMEN’’.

Nan okazyon 25e nan.OECH/DWA TIMOUN ap fè pwomosyon pou sa yo rele ‘’LE LEADERSHIP DES ENFANTS’’ pandan lap mande ak otorite yo pou repanse sou avni TIMOUN yo,pou paran yo asime responsablite yo epi pou TIMOUN pran desten yo nan men yo.Ainsi,Haiti pourra renaitre de ses cendres !

Mèsi !

Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.

Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :

  • Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
  • Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
  • Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
  • Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
  • St Michel :Radio Salem
  • Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
  • Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
  • Enri :Biwo Pwojè HA-718