Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media Réligion

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 22/06/2026

25e Edition de KOZE TIMOUN

 

‘’LA FIN DE L’ANNEE ACADEMIQUE 2025-2026 ’’,

Zanmi lektè,otorite educative yo te fikse antre lekòl la pou ane akademik 2025-2026 la pou Mèkredi 1er Oktòb 2025 la.Efektivman,te gen kèk ra enstitisyon eskolè ki te ouvè pòt yo nan dat sa,men majorite lekòl se te 6 e gen sa se te jis 13 yo te kòmanse travay.Men yon enstitisyon eskolè tamkou IMADGO,li te ouvè pòt li depi 1er Oktòb la epi angaje li pou li te respekte kalandriye eskolè a.

Aktè yo,soti nan otorite edikativ yo pase pran direktè lekòl ak pwofesè pou rive nan elèv ak paran ,yo chak yo viv ane akademik 2025-2026 la selon pwòp eksperyans ak reyalite pa yo.Sitou reyalite lari a  nan zafè kamyonèt ak fenomèn taksi moto siklèt 7h pou rive 8h-8h30 nan maten ak 12h pou rive 2h nan PM,pase nan bwat pou TIMOUN,gen kèk lekòl pou peye pwofesè,gen kèk paran pou peye lekòl,se te yon veritab tèt chaje.Malgre tou,nou kapab di nou sanse boukle ane eskolè.

Pou tout rezon sa yo ak anpil lòt,nou tout gen obligasyon pou nou di Bondye mèsi pou ane akademik 2025-2026 la.Se nan optik sa,IMADGO,ki chita kòl nan Asifa, nimewo 90,ang riyèl Lajwa ak Estè ,sou adoken an,envite nou tout nan yon sèvis aksyon de gras jou kap Madi 30 Jen  2026 la  a 9h nan maten pou nou di Bondye mèsi pou ane akademik 2025-2026 la epi bay Bondyeglwa pou premyè ane ekzistans IMADGO kap tou lanse ofisyèlman enskripsyon pou ane akademik 2026-2027 la avèk yon latriye avantaj pou paran yo tankou :inifòm,plim kaye,bous ak demi bous sitou pou sa yo ki kite kay yo akoz ensekirite .

Mèsi !

Pasteur Abcèste DACEUS,President de l’OECH

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.

Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :

  • Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
  • Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
  • Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
  • Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
  • St Michel :Radio Salem
  • Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
  • Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
  • Enri :Biwo Pwojè HA-718