Droits de l'Enfant Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 29/09/2025

39e Edition de KOZE TIMOUN

        Byenvini zanmi lektè nan 39e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

       Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

       Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

‘‘JISTIS POU TIMOUN SIMON PELE YO’’, se sijè sa nap devlope jodi a.

Zanmi lektè,sa fè lontan depi TIMOUN yo pran nan yon (cycle) sik enfènal kote yap sibi tout kalite de vyolans e men m lanmò prematire.Denye dram Simon Pele a montre nan ki nivo TIMOUN yo pa pwotege.

Samdi ki te 20 Septanb 2025 la,anviwon 6 TIMOUN pèdi lavi yo lachman  selman kèk jou anvan lekòl la ouvè.TIMOUN sa yo mouri nan yon atak ak Dwon Kamikaz Polis Nasyonal la te lanse nan Simon Pele (Site Soley) nan moman chèf gang Simon Pele a ,Jouma tap fete anivèsè li nan gwo anbyans ak DJ.

Mank de pwofesyonalism fè Lapolis  toujou ap rate sib li,malerezman se TIMOUN yo ki viktim,pami yo yon fiyèt 4 tran ki tap jwe nan lakou lakay li .

Devan krim odye sa,Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH)/DWA TIMOUN, kòm organisme de DEFENSE et de PROTECTION des Droits de l’enfant leve vwa li byen pou mande JISTIS POU TIMOUN SIMON PELE YO ak tout lòt TIMOUN ki pèdi lavi yo nan kondisyon dwòl sa yo.

OECH/DWA TIMOUN ap raple ke selman nan espas 10 jou,genyen pou pi piti 10 TIMOUN ki pèdi lavi yo anba atak ak dwon,pandan ke nan tout atak ak dwon nap tande ki fèt yo,gwo chèf gang pwisan yo pa jan m enkyete.OECH/DWA TIMOUN ap mande eske c’est voulu,selon la complicite des autorites oubyen se vreman paske pa gen bon teknisyen nan Lapolis la ki pou manevre dwon yo ?

De tout fason OECH ap mande JISTIS POU TIMOUN SIMON PELE yo ak tout lòt TIMOUN toupatou nan peyi a.

Mèsi.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

      Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.