Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 06/10/2025

40e Edition de KOZE TIMOUN

       Byenvini zanmi lektè nan 40e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

        Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

        Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

‘‘MEZI POLIS SIKILASYON NAN GONAYV PRAN NAN OKAZYON RANTRE LEKÒL LA’’, se sijè  entèresan sa nap devlope jodi a.

Zanmi lektè,nan lide pou pwoteje rivren yo,sitou TIMOUN lekòl yo,Lapolis sikilasyon nan Gonayv pran yon seri de mesi nan okazyon rantre lekòl la.San pretansyon pou n ta bay tèt nou yon satisfecit,anpil nan mezi sa yo te deja nan diskisyon nan  yon atelye de travay avek Kad yo ki nan OECH.Men kèk nan mezi sa yo :

Machin pwa lou tankou :baskil,trelè pa  gen dwa sikile nan mitan vil la soti 6h pou rive 9h nan maten epi soti 1h pou rive 3h nan aprè midi.

  1. Chofè taksi motosiklèt yo pa gen dwa ap sikile ak gwo mizik.
  2. Motosiklèt ak lòt veyikil pa gen dwa ap sikile san papye legal.
  3. Veyikilpa gen dwa ap sikile san limyè leswa ,yon lòt kote Leta anonse veyikil pa dwe ap sikile ak geyofa,sa vle di gwo limyè ki kapab twoule je moun aswè.
  4. Moun kap konstwi yo pa dwe kite materyo (sab,wòch,blòk elatriye) sou wout la piblik yo.
  5. Yon moun oubyen yon enstitisyon pa gen dwa pete polis kouche (dos d’anes) nenpòt kote san otorizasyon legal.
  6. Paran yo dwe konfye nenpòt chofè taksi TIMOUN yo,sitou sa yo kap pote 3,4,e men m 5 TIMOUN sou yon moto epi kap pete kouri san kontwòl pou ka gentan al chache lòl.

       OECH/DWA TIMOUN felisite Lapolis pou mezi sa yo ke yo pran,pandan lap raple ke anpil fwa bagay yo kon n bèl sou papye,men ekzekisyon yo kon n parèt bankal.

     OECH/DWA TIMOUN ap pwofite mande Lapolis,Lameri ,Pakè a,nan tèt kole ak otorite edikativ pou degage yon sinègi pou anpeche TIMOUN lekòl ak infòm sou yo nan lari pandan nan lè lekòl ap travay.Sou track sa mwen salye Komisè Messak PHILOGENE.

 

Mèsi.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.