Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 13/10/2025
41e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 41e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
‘‘LA RENTREE ACADEMIQUE 2025-2026’’, se sijè sa nap devlope jodi a.
Chè lektè ,jan mwen di sa déjà. pa genyen penyen ti kouri ankò paske de tout fason lekòl la ouvè pòt li pou ane akademik 2025-2026 la.Nou deja sou twa (3) semèn depi lekòl la ouvè pòt li.Aktivite lari a montre vrèman koman lekòl la se yongwo moso nan aktivite kotidyèn yo.
Se tout kote nan peyi a TIMOUN yo komanse pran chemen lekòl.Enstitisyon eskolè yo komanse resevwa elèv yo.IMADGO li men m tou li komanse resevwa elèv yo.OECH/DWA TIMOUN pwofite salye epi felisite tout paran ki chwazi IMADGO nan vil Gonayv pou edikasyon pitit yo,men sitou staff IMADGO a ki komanse montre anpil pwofesyonalism.Map raple ke pwofesè IMADGO yo sot patisipe nan plizyè jou de fòmasyon pou ogmante konpetans ak kalifikasyonyo.Mete sou sa,pwofesè IMADGO yo ap prepare pou resevwa fòmasyon sou liv inik Ministè a.
OECH/DWA TIMOUN ap mande tout paran toupatou nan peyi a pou voye TIMOUN yo lekòl.Pa kite TIMOUN yo chita lakay.
Mèsi.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.