Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 21/10/2025
42e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 42e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
‘‘KONBYEN TAN TIMOUN YO DWE FÈ AP DÒMI’’, se sijè entèresan sa nap devlope jodia.
Chè lektè,domi oubyen somèy,se yon bagay enpòtan pou sante ak pou byenèt TIMOUN yo.Moun ki fè gwo etid yo di : ‘’lè yon TIMOUN pa dòmi kantite de tan li ta dwe dòmi an,sa ap mete TIMOUN nan an reta nan aprantisaj li ,sa vle di nan lekòl li,e sa ka men m gen gwo konsekans negativ sou sante TIMOUN nan pandan tout vi li’’.
Se rezon sa ki fè,OECH/DWA TIMOUN,kòm avangadis ap lanse yon SOS pou paran yo,sitou pandan moman lekòl la pou yo asire yo TIMOUN yo dòmi kantite de tan ke yo ta dwe dòmi.
Chè paran,prete m tande nou pou nou tande :
- TIMOUN soti 3 pou rive 5 an dwe dòmi anviwon 10 a 13e de tan.
- TIMOUN soti 6 pou rive 12 zan dwe dòmi anviwon 9 a 12e de tan.
- TIMOUN soti 13 pou rive 18 tan dwe dòmi anviwon 8 a 10e de tan.
Imagine nou,9,10 e men m 11h du soir TIMOUN nan chita devan televizyon oubyen telefòn /tablèt nan men l,se nòmal pou lap dòmi lekòl la e finalman li pap bay rezilta.
Map retounen nan yon lòt edisyon sou zafè tablèt la paske gen paran ki pito pa peye kòb lekòl la pou l achte tablèt bay TIMOUN nan pou fè wè pitit li gen tablèt.
Chè paran,OECH/DWA TIMOUN mande nou 8e,9e du soir au plus tard fòk TIMOUN yo ka nan kaban n yo.Se pou moun ki gen zòrèy pou tande,tande.
Mèsi.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.